Mwayen Oryan
Etazini ap Eseye Pran Tèt Izrayèl pou l Fè Poz nan Atak li pou Plis Asistans Imanitè ka Antre Gaza

Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken mete fen nan yon vire ron rapid rapid nan Mwayèn Oryan an ak yon vizit nan La Tiki.
Blinken ranpòte siksè limite sèlman nan kad jefò diplomatik lap mennen pou jwenn yon konsansus rejyonal sou pi bon mwayen pou soulaje soufrans sivil yo nan Gaza pandan Izrayèl ap entansifye lagè li kont Hamas.
Nan kapital La Tiki, Ankara, Blinken te rankontre tokay Tik li, Minis Afè Etranje Hakan Fidan apre yon vizit pandan wikèn nan ki te mennen l Izrayèl, Jòdani, Sisjòdani, Chipr ak Irak pou eseye ranmase sipò pou plan administrasyon Biden nan pwopoze pou yo ta fè "poz imanitè" nan kanpay militè san relach Izrayèl ap mennen nan Gaza a.
Nan pale li te fè ak jounalis yo anvan li te pati kite La Tiki Lendi, Blinken te eksprime kè sote yo genyen pou sivil yo.
"Nou konnen gen anpil kè sote pou konsekans terib lagè Gaza a genyen sou Palestinyen, gason, fanm ak timoun nan Gaza, sivil inosan - se yon kè sote nou pataje e nap travay sou sa chak jou. Nap diskite ak Izrayelyen yo sou divès etap yo ka pran pou minimize lanmò sivil yo. Nap travay trè agresivman pou voye plis asistans imanitè nan Gaza e nou gen kèk mwayen konkrè pou fè sa. E mwen kwè ou pral wè nan jou kap vini yo ke asistans ka ogmante yon fason enpotan pou ke plis moun ki bezwen l rive jwenn ni epi asire ke moun kapab kontinye pati kite Gaza."
Plizyè douzèn manifestan te pran lari pou pwoteste kont vizit Blinken nan Ankara. Yo te akize Etazini dèske li konplis nan lanmò sivil Palestinyen yo nan Gaza.
"Opresyon Izrayèl bò kote pèp Palestinyen an ak kolaboratè li yo kontinye. Opresyon Mizilman yo ap kontinye. Men fwa sa a li enpòtan ke trafik diplomatik ant peyi sa yo pa sispann. Nan sans sa a, vizit Sekretè Deta Etazini an nan La Tiki gen anpil siyifikasyon, " yon manifestan Tik deklare.
Vwayaj Blinken nan vini nan moman twoup Izrayelyen yo ansèkle vil Gaza epi bloke rejyon nò teritwa Hamas kontwole a. Twoup yo ta sipoze antre nan vil la swa Lendi ou Madi e gen anpil chans pou yo fè fas ak militan kap goumen nan lari epi ki sèvi yon rezo tinèl. Bilan viktim yo pral pwobableman ogmante bò kote Palestinyen yo ak Izrayelyen yo nan lagè a ki deja dire yon mwa e ki lakoz plis pase 9,700 Palestinyen pèdi lavi yo.
Diplomat pi wo plase Etazini an espere poz nan lagè a taka pèmèt plis asistans imanitè rive Gaza epi pèmèt liberasyon otaj Hamas kenbe depi 7 Oktòb, lè yo te atake rejyon sid Izrayèl epi touye plis pase 1,400 moun - pi fo nan yo sete sivil. Li espere sa ka anpeche konfli a pwopaje pi plis.
" Nap travay sou detay yo chak jou - sitou anski konsène aksè oganizasyon imanitè yo epi ogmante pwovizyon kap antre. Jan mwen te di l sa gen kek jou, koz imanitè ke nap diskite ak Izrayelyen yo gen pou wè ak sa patikilyèman. Yon aspè kritik se pwogrè pou libere otaj yo. Se yon kestyon kote nou konsantre anpil efò."
Blinken pa rakontre Prezidan Recep Tayyip Erdogan ki kritike anpil Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu. Li se youn nan manm LOTAN ki alye Etazini ki pa apiye konplètman lide ke Izrayèl gen dwa defann tèt li.
Misyon Blinken nan, ki se dezyèm li nan rejyon an jwenn sipò tyèd selman pou jefò Etazini ap fè pou jere enpak konfli a. Izrayèl rejte ide poz la tandiske peyi Arab ak Mizilman yo mande yon seselfe tou suit pandan bilan viktim yo pami sivil Palestinyen yo ogmante 17 wotè apre pakèt bonbadman Izrayèl fè yo.
Otorite Ameriken yo ap chache mwayen pou pran tèt Izrayèl sou enpòtans estratejik respè pou règleman lagè yo epi pwoteksyon non-konbatan li. Yap eseye konvenk Izrayèl tou ke li dwe pèmèt yo ogmante livrezon asistans imanitè pou popilasyon sivil Gaza a.
Sepandan li pa klè si Netanyahu ap dakò pou fè poz tanzantan nan operasyon masiv Izrayèl lanse pou dechouke Hamas - ni si kòlè bò kote Palestinyen yo ak patizan yo tap soulaje si li te dakò pou fè sa.
See all News Updates of the Day
Administrasyon Trump la Pral Reprann Asistans Militè pou Ikrèn

Administrasyon Trump la deklare Madi 12 mas la li pral leve tou suit sispansyon asistans militè pou Ikrèn ak pataj ransèyman ak Kyiv.
Anons la vini yon semèn apre Etazini te enpoze mezi pou fòse Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy tanmen chita tande pou mete fen nan lagè a ak fos Ris yo.
Yon deklarasyon administrasyon an te pibliye pandan chita tande ant Ikrèn ak Etazini nan Arabi Saoudit.
Ikrèn di tou li ouvè pou l ta obsève yon seselfe 30 jou nan lagè ak Larisi si Kremlen an dakò.
- Jean Robert Phillipe
Rubio Vwayaje Arabi Saoudit
Yon rankont wo nivo ant Etazini ak Ikrèn gen dewoule nan Arabi Sawoudit nan jefò pou mete fen nan gè Ikrèn Larisi-a.
Etazini Pale Ak Hamas
Yon negosyatè sou kesyon otaj nan administrasyon Trump lan di dènye reyinyon li te genyen ak reprezantan gwoup Hamas la, yon gwoup Etazini klase kòm gwoup teworis, te "itil." Diskisyon yo te konsantre sou liberasyon yon otaj Ameriken-Izraelyen Hamas kenbe.
Netanyahu nan Tribinal Pou Temwaye nan yon Dosye Koripsyon

Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, rive nan tribinal Tel-Aviv pou l temwaye nan jijman li pou koripsyon. Netanyahu anba akizasyon pou koripsyon, fwod, ak abi konfyans nan twa dosye diferan, sa ki fè l vin premye Premye minis an fonksyon nan peyi a ki sibi yon jijman penal.
Madi, pou premye fwa, yo te tande l nan jijman li pou koripsyon. Netanyahu te deklare akizasyon yo "ridikil".
Nan depozisyon li, li te di: "Pa gen koripsyon, pa gen fwod. Sa jis ridikil." Apre sa, li te pase yon pati nan tan li ap kritike medya yo.
Odyans sa a make rekòmansman pwosè a ki te tanmen nan mwa me 2020, men ki te sispann akòz lagè a nan Gaza. Netanyahu te mande plizyè fwa pou yo repouse dat pwosè a, akoz lagè ki te eklate apre atak mouvman islamis palestinyen Hamas la te lanse sou Izrayèl 7 oktòb 2023. Lagè a toujou ap kontinye.
Pandan odyans madi a, Netanyahu te reponn akizasyon ak temwayaj ki te fèt sou li, sitou temwayaj kèk ansyen kolaboratè l.
Devan tribinal Tel-Aviv la, sipòtè li yo t ap chante : "Netanyahu, pèp la dèyè w!" Pandan tan sa a, opozan li yo, ki ap manifeste kont li depi plizyè mwa, t ap rele: "Prizon pou Bibi!" – "Bibi" se ti non Netanyahu.
Lè yo te mande l ki jan li santi li fas ak akizasyon yo, li te reponn : "Di se yon gout dlo nan lanmè ta egzajere, men mwen okipe ak kesyon ki pi enpòtan nan nivo mondyal."
Plizyè depite ki fè pati kowalisyon gouvènmantal li a te asiste odyans la, ki te fèt nan yon sal anba tè. Pou rezon sekirite, pwosè a te deplase soti Jerizalèm pou ale Tel-Aviv.
Ajan Imigrasyon Arete yon Aktivis Palestinyen ki Ede Dirije Manifestasyon nan Inivèsite Columbia

Yon aktivis Palestinyen renome ki te ede dirije manifestasyon ki te dewoule nan sezon prentan ane pase a nan Inivèsite Columbia anba kòd apre ajan imigrasyon federal Etazini arete l.
Avoka Mahmour Khalil di yo arete l nan apatman li ki sitye tou pre inivèsite a. Ajan yo te di l yap egzekite lòd Depatman Deta pase pou revoke green card li (kat vèt ki akòde moun rezidans pèmanan Ozetazini).
Khalil, ki gradye nan mwad Desanm nan jwenn arestasyon li apre ajan ICE yo te debake lakay li, yo kenbe l nan yon sant detansyon nan New Jerze.
Madanm misye ki ansent 8 mwa, di otorite yo pat esplike poukisa yo tap arete l.
Yon pòtpawòl Depatman Sekirite Nasyonal la konfime arestasyon Khalil. Yo dekri l tankou yon aksyon ki apiye dekre Prezidan Trump pase ki entedi zak anti-Juif.
Marco Rubio Vwayaje Arabi Saoudit pou Rankontre Tokay Ikrenyen li

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, sou wout pou l al Arabi Saoudit dimanch pou l patisipe nan yon chita pale semèn sa a ak tokay Ikrenyen li , kèk jou apre Prezidan Donald Trump te pran desizyon pou l sispann èd militè pou Kiev.
Chèf diplomasi Ameriken an pral nan Jeddah soti Lendi pou rive Mèkredi pou "travay sou objektif prezidan (Trump) pou negosye pou mete fen nan lagè ant Larisi ak Ikrèn", dapre sa Depatman Deta a di nan yon nòt pou laprès.
Prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky te anonse tou ke li ta pral Jeddah, menm jan ak anvwaye Ameriken Mwayen Oryan an Steve Witkoff.
Donald Trump te di repòtè yo dimanch aswè abò avyon prezidansyèl Air Force One la "Nou pral fè anpil pwogrè. Mwen panse sa ap fèt semèn sa a"nan dosye Lagè Ikrèn nan.
Gaza : Lame Izrayèl di li Frape Yon Bato Bò Kot Khan Younès

Lame peyi Izrayèl anonse lendi li te frape yon bato sispèk ki te toupre vil kotyè Khan Younès nan sid Gaza, paske selon li, batiman sa a te menase sekirite zòn nan.
Lame a deklare nan yon kominike : "Nou te frape pi bonè jodi lendi a yon bato-a-motè sispèk ki te toupre kòt nò Khan Younès, ki t ap vyole restriksyon sekirite yo epi ki te reprezante yon menas."
Lame a ajoute li te tire kout zam sou de sispèk ki t ap pwoche pre sòlda li yo nan sid Gaza.
Rubio Di Li Siyen Dokiman pou Voye $4 Milya Èd Militè Bay Izrayèl

Sekretè Deta Ameriken Marco Rubio te di Samdi 1 mas la li te siyen pou voye anviwon $4 milya èd militè bay Izrayèl la.
Nan yon deklarasyon tou kout, Rubio raple ke yon anbago pasyèl sou zam ansyen Prezidan Joe Biden te enpoze te leve.
"Mwen te siyen yon deklarasyon... pou akselere livrezon apeprè $4 milya èd militè bay Izrayèl " .
Bèlen Mande Izrayèl pou " Pwoteje Sivil yo " nan Sijòdani

Almay eksprime vandredi enkyetid li sou operasyon lame Izrayèl ap mennen nan twa kan refijye palestinyen nan nò Sijòdani, e li mande pou yo " pwoteje sivil yo pi byen " epi "garanti retou yo pi vit posib."
"Nou mande gouvènman Izrayelyen an pou l pi byen pwoteje sivil yo ak enfrastrikti sivil yo pandan operasyon militè a epi garanti retou 40,000 moun sa yo lakay yo pi vit posib," dapre sa Ministè Afè Etranjè Alman an ekri nan yon kominike.
Li konsidere tou kòm "inakseptab" pwojè pou lame Izrayèl rete "alontèm" nan kan Jènin.
Trèv nan Gaza : Netanyahu Mande Negosyatè li yo pou yo Ale Caire pou Diskisyon

Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, mande jedi pou negosyatè izrayelyen yo ale nan vil Caire pou negosyasyon sou jan lagè nan Gaza a ka sispann, dapre sa biwo li fè konnen.
"Premye Minis Netanyahu mande delegasyon negosyatè yo pou yo vwayaje ale nan vil Caire jodi a (jedi) pou yo kontinye diskisyon yo," dapre sa biwo Premye Minis la deklare, san bay plis detay.
Izrayèl ak Hamas Dakò sou yon Nouvo Echanj, sa ki Kenbe Trèv Frajil la Entak

JERIZALÈM (AP) — Ofisyèl Izrayelyen ak Hamas yo di yo rive jwenn yon akò pou echanj kadav otaj ki mouri yo ak liberasyon plizyè santèn prizonye Palestinyen. Akò a, ki te fèt madi, kenbe trèv frajil la an plas pou omwen kèk lòt jou.
Izrayèl te retade liberasyon 600 prizonye Palestinyen depi samdi pou pwoteste kont sa li rele move tretman otaj yo pandan liberasyon yo.
Gwoup militan an di reta sa a se yon “vyolasyon grav” trèv la epi li deklare negosyasyon pou yon dezyèm faz pap posib jiskaske prizonye yo libere. Blokaj sa a te menase pou kraze trèv la.
Men, nan fen jounen madi a, Hamas te anonse li te rive jwenn yon akò pou debloke enpas la.
Rubio di Hamas Pral 'Detwi' Si Yo Pa Libere Tout Otaj Izraelyen yo

Sekretè Deta Ameriken an Marco Rubio lanse gwo bout tonton avètisman Samdi bay gwoup Hamas la.
Li avèti gwoup la, lap "detwi" si li pa "kontinye" lage tout otaj li kenbe nan Strip Gaza a, li denonse tou lanmò yon fanmi Izraelyen ki te nan men mouvman islamis la.
Sekretè Deta a te di sou X "Tretman Hamas bay otaj yo, ki gen ladan asasina brital fanmi Bibas yo, montre kòman yo trete otaj sa yo yon fason ki sovaj e se yon lòt rezon ki fè nou di teworis sa yo dwe lage tout otaj yo imedyatman oswa yo dwe detwi," .
Izrayèl Idantifye Rès Kò Timoun Otaj yo, Men Lòt Kò Hamas Remèt la, se pa Manman yo

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Lame Izrayelyèn di li idantifye rès kò de timoun otaj, men lòt kò Hamas te remèt pa manman ti mesye yo.
Militan Hamas te remèt kat kò jedi pandan yon trèv nan lagè ki kòmanse depi plis pase 15 mwa.
Izrayèl konfime youn nan yo se Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l pandan atak Hamas la ki te kòmanse lagè a an 2023.
Lame a di pita yo idantifye rès kò Ariel ak Kfir Bibas, men dènye kò a pa t manman yo, Shiri Bibas, ni okenn lòt otaj.
Yo deklare echèk pou retounen kò kat otaj yo jedi se yon vyolasyon grav akò sispansyon lagè a.
Hamas Remèt Kò 4 Otaj Izrayelyen, Pami yo yon Manman ak 2 Pitit li yo

KHAN YOUNIS, Bann Gaza (AP) — Hamas remèt kò kat otaj Izrayelyen, pami yo yon manman ak de pitit li yo ki te gen lontan depi yo te konsidere yo mouri epi ki te vin tounen yon senbòl soufrans nasyon an apre atak 7 oktòb 2023 la.
Gwoup militan an di li remèt kadav Shiri Bibas ak de pitit li yo, Ariel ak Kfir, ansanm ak Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l. Kfir te pi piti otaj yo te pran jou sa a.
Hamas deklare tou lè kat yo te mouri nan frap ayeryen Izrayèl yo.
Militan yo te mete kat sèkèy nwa sou yon sèn nan Bann Gaza jedi, ak drapo toutotou, anvan yo te remèt yo bay Lakwa Wouj.
Rubio di Relasyon Washington ak Moskou ta Ka Ranfòse Apre Lagè Ikrèn nan

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre kont pati li a Ris nan Riyad ke relasyon ant Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn te fini.
Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre tokay ris li a nan Riyad ke relasyon Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn nan fini.
Msye Rubio di repòtè yo, "opòtinite egziste pou nou kapab gen yon patenarya" ak Larisi, men li te ajoute ke "pou sa fèt, se ta apre konfli sa a."
Nan menm chita pale sa a ak laprès, Marco Rubio te bay plis detay sou chita pale yo, li te deklare "Bon, premye bagay m ta di sè ke nou antann nou sou kat prensip mwen panse ki enpòtan. Dabò, nou pral travay. Nou pral chwazi ekip nou yo, kap travay trè vit pou re-evalye fason misyon 2 peyi nou yo ap fonksyone nan Washington ak Moskou. Pou n ka kontinye vanse nan direksyon sa a, fòk nou gen enstalasyon diplomatik k ap opere e k ap fonksyone nòmalman."
Facebook Forum