Li fè deklarasyon sa a avan li ale prezante demisyon gouvènman li an bay wa Charles III. Li di : "Apre rezilta sa yo, m ap kite pòs lidè pati a, pa imedyatman, men depi tout bagay nan plas yo pou nonmen moun ki pwal ranplase mwen an".
Apre yon Gwo Defèt nan Eleksyon, Rishi Sunak Anonse Demisyon li kòm Chèf Pati Konsèvatè Britanik la

Premye Minis Grand Bretay la, Rishi Sunak, anonse demisyon li kòm chèf Pati Konsèvatè a vandredi apre defèt li nan eleksyon lejislatif yo, e li mande pèp Britanik la eskiz pandan li ap kite Downing Street.