Accessibility links

 
Enskripsyon yo Ogmante nan Inivèsite Leta Ayisyen
Breaking News

Enskripsyon yo Ogmante nan Inivèsite Leta Ayisyen


Logo Inivesite Leta Ayisyen (UEH)
Logo Inivesite Leta Ayisyen (UEH)

Enfòmasyon yo revele enskripsyon yo ogmante a 93% nan Inivèsite leta Ayisyen an konpare ak ane akademik 2023-2024 la. Pou rive 5 desanm 2024, yo te konte 18 588 postilan.

Daprè Vis Rektè « zafè akademik » la, Jean Poincy ogmantasyon sa a gen pou wè ak pwogram Biden nan ki pa genyen menm enterè a ankò lakay moun yo, menm jan ak avan.

Yon lòt bò, kandida yo plis enskri nan fakilte Inivèsite leta a ki nan vil pwovens yo, espasyalman nan depatman Nò peyi a. M. Poincy di reyalite sa a gen pou wè ak ensekirite a ki pa sispann taye banda nan Pòtoprens.

Kanmpis Limonad la se kote y anrejistre plis enskripsyon (4 476). Fakilte dwa ak syans ekonomik ak jesyon Okap la vini dèyè l ak 2 966 kandida.

Pwosesis pou ane akademik 2024-2025 lan tanmen nan Inivèsite leta a ap reyalize nan yon kontèks kote bandi te sakaje plizyè nan espas fakilte yo. Jean Poincy fè konnen 73% nan antite inivèsite a, tankou sila yo ki nan ri Monseyè Giyou, ri Osval Diran ak Avni Maglwa Anbwaz, pa gen yon lokal fiks.

XS
SM
MD
LG