Kore di Nò fè konnen lidè peyi a Kim Jong Un te sipèvize yon esè lansman "kokenn chenn" seri misil ki gen kapasite nikleyè e ki te vize kapital Kore di Sid la.
Rapo a Madi vini yon jou apre Kore di Sid ak Japon te di yo te detekte misil ki soti Kore di Nò. Yo di se misil balistik kout-pote. Lansman sa a vinn ogmante tansyon rejyonal yo.
Kim Jong Un ak kek komandan milite pandan ese divizyon lansman zam nan nan Kore di No, 18 Mas, 2024.
Dapre ekspè yo, gwo atiyri zam Kore di Nò a se yon melanj sistèm atiyri ak misil balistik paske yo kreye pwòp pwopilsyon yo epi livrezon yo telegide.
Nò a dekri kèk pami sistèm misil li yo tankou zam ki gen kapasite pou livre zam nikleyè taktikal.