Vil Glasgow, Peyi Lekòs, Pare pou l Oganize Somè sou Chanjman Klimatik yo
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Premye Minis ekòsèz la, Nicola Sturgeon, ki te pran lapawòl nan Inivèsite Strathclyde la, nan Lekòs, anvan lansman Konferans Nasyon Zini sou Rechofman Global la, (COP26). (Foto: Jeff J Mitchell/Pool Photo via AP - Lendi 25 oktòb 2021)
Lidè peyi òganizatè Somè sou Chanjman Klimatik yo, premye minis britank la, Boris Johnson, deklare li pa tèlman gen espwa patisipan yo pral rive antann yo sou kondisyon ki nesesè pou pwojè rediksyon gaz kabonik nan lemond la reyisi. èò
WASHINGTON D.C. —
Nan moman lidè mondyal yo ap pare pou yo patisipe nan Somè sou Chanjman Klimatik yo nan vil Glasgow, nan La Grand Bretay, l ONU fè konnen angajman peyi yo deja pran pou yo redui emisyon gaz kabonik yo pa sifi ditou pou evite rechofman planetè a rive nan yon pwen kote li ka gen konsekans grav sou planèt la.
Lyonel Desmarattes pote detay sou gwo dosye sa a nan video ki pi ba a.