Se Doktè Francis Collins, direktè Enstiti Nasyonal Lasante k-ap pran retrèt li, ki te pale konsa sou chèn televizyon Fox News nan pwogram "Fox News Sunday," Dimanch.
Li di 50 milyon Ameriken pako vaksinen, e ke se sa ki plis fristre-li.
Dr. Anthony Fauci speaks about the omicron coronavirus variant case, which was detected in California, during a press briefing at the White House in Washington, Dec. 1, 2021.
Anplis, plizyè milyon moun nan Etazini fin vaksinen, men yo pako resevwa dòz boustè yo, ki, dapre ekspè lasante yo, esansyèl pou ba-yo yon pi gwo pwoteksyon kont varyan omicron an.
Doktè Anthony Fauci, pi gwo ekspè nan maladi enfektyèz nan peyi a, di sou pwogram televizyon CNN ki rele Eta Inyon an, "Si nou vle pi gwo pwoteksyon posib-la, se al pran boustè-a."