CDC Otorize yon 3èm Doz Vaksen Pfizer kont KOVID-19
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Pami moun ki kalifye pou 3èm dòz sa a, gen pwofesè lekòl, pwofesyonèl lasante ak moun ki ekspoze souvan anba maladi a.
WASHINGTON D.C. —
Direktis Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC), Doktè Rochelle Wolensky, apwouve yon 3èm dòz vaksen Pfizer kont KOVID-19 pou yon seri de moun ki deja pran 2 dòz menm vaksen an sa gen omwens 6 mwa. Pami moun sa yo, gen pwofesè lekòl, pwofesyonèl lasante ak moun ki ekspoze souvan anba maladi a.
Klike sou lyen ki pi devan an pou w suiv yon repòtaj Lyonel Desmarattes.
Your browser doesn’t support HTML5
Repòtaj sou desizyon CDC pou l otorize sèten moun pran yon 3èm dòz vaksen Pfizer.