Biwo avoka gouvènman lokal nan Ciudad Juarez, anonse samdi ke nèf moun pèdi lavi yo nan 2 atak, youn te fèt pandan veye a epi lòt la nan antèman yon nonm ke yo te asasine mèkredi 9 fevriye .
Pòtpawòl Pentagòn John Kirby tanonse samdi ke Etazini te bay lòd pou 160 sòlda Ameriken ki t ap antrene fòs Ikrenyen pou yo kite peyi Ikrèn e "repozisyone yo nan yon lòt peyi nan Ewòp la ."
Vandredi ajans Nasyonzini an di ke otorite yo nan peyi Afganistan arete 2 jounalis etranje ki te nan misyon pou Komisyon Nasyonzini an ki responsab Refijye yo (UNHCR), yo te jwenn Arestasyon yo nan Kaboul e yo te kenbe yo ak plizyè lòt kòlèg yo ki Afgan.
"Joe Biden siyen vandredi yon dekrè ki pèmèt li sezi $7 milya rezèv bank santral Afganistan ke Afgan yo te depoze nan Etazini," se sa Lamezonblanch anonse.
Washington Post rapote Mèkredi , ke Achiv Nasyonal Etazini, ki responsab pou kenbe tout dokiman ofisyèl ansyen prezidan Ameriken yo, te mande lajitis pou yo louvri yon ankèt sou jesyon dokiman sa yo lè Donald Trump te prezidan.
Prezidan Etazini Joe Biden te mande sitwayen Ameriken yo pou yo kite Ikrèn kounye a akòz Larisi kapab menen yon envazyon nan peyi sa a.
Sis moun rive pèdi lavi yo ak 12 lòt blese Jedi nan yon atak swisid ke gwoup rebèl jihadis Al-Shabaab la revandike, yo di se yo menm ki mennen atak sila.
Eske Donald Trump te jete dokiman ofisyèl nan twalèt?
Pa pale pou idantifye moun kòm fanm oubyen gason, oubyen pale de oryantasyon seksyèl nan lekòl, entèdi liv ki pale de sijè sa yo nan bibliyotèk lekòl...
Prezidan meksiken en, Andrės Manuel López Obrador, ki t ap pale nan jounen lendi 7 fevriye a, deklare mezon fransez ki la pou fѐ vantozanchѐ yo, depase lѐbòn avѐk vant kk pyes atizanal ki remonte jous nan epòk pre-istorik la.
Etazini anonse Madi li sezi plis pase 94,000 bitcoin ke vòlè te pran nan lane 2016 nan platfòm echanj sou entènèt ki rele Bitfinex e ki jounen jodia gen yon valè 3 milya 600 milyon dola, yon montan rekò pou yon sezi ke lajistis reyalize.
Envestisè Peter Thiel, ko-fondatè PayPal, pi gwo aksyonè nan Palantir e tou ki se gwo sipòtè ansyen prezidan Donald Trump, pral kite konsèy administrasyon Meta a, malgre li te youn nan premye moun ki te patisipe nan finansman Facebook.
Lè Donald Trump tap kite Mezon Blanch lan, li te pran avè l plizyè lèt lidè Kore di Nò a te voye. Pami lèt sa yo gen kek ke Kim Jong Un te voye bay Barack Obama - Achiv Nasyonal te oblije ale an Florid pou al rekipere yo.
Apre li te deja fè anpil pwofi ak kantite vaksen COVID li te vann pou ane 2021 an, laboratwa Ameriken Pfizer planifye pou vann lòt $32 milya dola ane sa a ansanm ak $22 milya dola nan grenn pou ane 2022 a.
Jounalis ak ansyen kandida pou prezidan Nikaragwa, Miguel Mora, tonbe anba kondanasyon nan yon pwosè ak pòt fèmen, vandredi ki sot pase a poutèt li ta chache divize nasyon an, dapre avoka li.
Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, nan rankont li avek Prezidan Ris la, Vladimir Putin, di ke li espere tansyon yo pral kòmanse bese" nan kriz LaRisi ak Ikrèn la.
Yon rapò Nasyonzini AFP te gen aksè gade Samdi, deklare ke Kore di Nò kontinye ap devlope zam nikleyè li ak kapasite misil li genyen yo pandan yon ane malgre sanksyon entènasyonal yo.
Konseye sekirite nasyonal Mezon Blanch la Jake Sullivan deklare dimanch, ke 3,000 sòlda ke gouvènman an deplwaye an Ewòp, pa ale pou "kòmanse yon lagè" kont Larisi.
Ottawa, Toronto, Quebec: Opozan kont mezi sanitè nan Kanada, te òganize yon manifestasyon Samdi pou mande otorite yo leve restriksyon sanitè yo te mete pou anpeche pwopagasyon maladi COVID-19 la.
Load more