Ajanten Lionel Messi, k ap jwe pou Paris Saint-Germain, ranpòte yon setyèm balon dò. Nan yon seremoni ki dewoule lendi 29 novanm nan nan Châtelet, nan Pari, Messi bat Robert Lewandowski (jwè Bayern Munich) ak italo-brezilyen Jorginho, k ap jwe pou Chelsea.