Colin Powell, yon ansyen Sekretè Deta Ameriken ak Chef d'Eta Majò Lame ameriken an, te mouri a laj de 84 an. Li te gen on gwo enpòtans pou diplomasi Etazuni an. Sèvis fineray li ap fèt Vandredi 5 novanm nan Katedral Nasyonal Washington nan.
Nouvo mezi, nouvo rapò sou pandemi Covid-19 atravè mond lan
Elye Frans lan Ousmane Dembele te blese ankò nan premye match li pou ekip Barcelòn lan, apre li fè senk mwa pa jwe akoz yon blesi .
Lapolis espayòl demantle rezo kontrebann sa ke yo sispèk te gen plizyè santèn imigran pakistanè ki t ap vwayaje nan plizyè kamyon, pandan operasyon sila, otorite yo te arete15 moun.
Èske Ameriken yo gen dwa pou yo kite kay yo avek zam pou pwòp pwoteksyon yo? Sa se yon kesyon ki divize Kou Siprèm lan. Pandan yon odyans Mèkredi 3 Novanm 2021 kesyon sa fè anpil pale anpil.
Otorite nan peyi Gwatemala deklare yo te dekouvri 54 migran ayisyen ki te kache nan yon kamyon trelè ki t ap vwayaje nan peyi Meksik, ak espwa pou yo te rive nan peyi Etazini.
Lapolis Gwatemala deklare ke yo te dekouvri 54 imigran ayisyen ki kache nan yon trelè kamyon ki t ap vwayaje nan peyi Meksik, ak espwa pou yo te rive nan peyi Etazini.
Cristiano Ronaldo, make 2 gol pou Manchester United kont Atalanta Bergamo nan champyona Lig Dè Chanpyon an.
2 fanmi moun ki te viktim nan aksidan elikoptè ki touye Kobe Bryant an janvye 2020 an resevwa $2.5 milyon konpansasyon pou foto viktim yo nan espas la ke la polis ak ponpye Los Angeles te pibliye.
Netflix anonse Madi lansman mondyal plizyè jwèt mobil pou abonné li yo pandan rezo sinema ak televizyon an ap chèche divèsifye epi antre nan mache jwèt videyo yo ki trè likwatif.
Paran Ameriken yo ap debat si yo dwe vaksinen pitit yo kont Covid-19 ou pa apre FDA bay otorizasyon pou itize vaksen Pfizer-BioNTech la pou timoun piti.
Milye teren ekip islandè a Emil Palsson tonbe sou teren an pandan yon match dezyèm divizyon nan chanpyona Nòvejyen an nan Lendi swa akoz li soufri yon arè di kè pandan match la. Se sa ekip li a, Sogndal, deklare bay laprès.
Yon jijman sansib tanmen lendi a nan nò Etazini kote la jistis akize yon jèn gason blan de asasinay 2 moun ki tap manifeste kont rasis nan sezon ete 2020 an.
La NASA ak SpaceX ranvwaye pou Mèkredi dekolaj fize ki te dwe transpòte 4 astwonòt nan Stasyon Spasyal Entènasyonal la akoz yon move tan ki te prevwa pou samdi.
Yon bato ki tap transpòte 400 migran, Gad Kòt Hellenic mennen yo ale nan zile Krèt.
Vedèt ekip Manchester United la anonse nouvèl la sou Instagram
Si FDA aksepte rekòmandasyon komite a, sa pral pèmèt anviwon 28 milyon timoun resevwa vaksen
Rezilta match NBA ki te jwe yeswa Lendi an: