Marco Rubio, ke Donald Trump chwazi pou vin chèf diplomasi li, deklare mèkredi, devan yon komisyon Sena ameriken an, Lachin "fè magouy" pou rive nan nivo sipèpisans mondyal.
Arestasyon mèkredi maten prezidan koreyen revoke a, Yoon Suk Yeol, se "premye etap" pou retabli lòd, dapre sa prensipal pati opozisyon an deklare, plis pase yon mwa edmi apre dirijan konsèvatè a te enpoze lwa masyal, pandan yon ti bout tan.
Larisi anonse mèkredi li te patisipe nan yon nouvo echanj prizonye lagè ak Ikrèn, 2 peyi yo boukante 25 sòlda ikrenyen pou 25 militè ris.
Yon sous Palestinyen nan Doha, ki pre otorite kap negosye pou yon gen yon trèv nan lagè Izrayèl ap mennen nan Gaza, di AFP gwoup militan palestinyen Hamas ak Jihad islamik te apwouve yon akò sesefe.
Otorite nan Tijuana, yon vil meksiken ki sou fwontyè Meksik ak Lèzetazini, deklare yon eta dijans an atandan yon posib ekspilsyon an mas imigran san papye apre Donald Trump fin prete sèman lendi 20 janvye pwochen an.
Kore di Nò te lanse madi plizyè misil balistik ki pa fèt pou rive lwen, dapre sa lame Kore di Sid anonse, yon semenn apre Pyongyang te fè konnen li te teste yon nouvo "misil ipèsonik" e kèk jou anvan prezidan eli Donald Trump prete sèman.
Otorite Chinwa yo ap etidye posibilite pou Elon Musk ta achte aktivite TikTok nan peyi Etazini si platfòm popilè sa a ta fini pa entèdi nan peyi a anvan fen semenn nan, dapre sa ajans Bloomberg rapòte lendi.
Katar di madi 14 janvye a, yo ka jwenn yon akò anvan lontan, pou goumen ka sispann nan Band Gaza a, apre plis pase 15 mwa afwontman ant Izrayèl ak gwoup palestinyen Hamas.
Prezidan eli ameriken an, Donald Trump, pral patisipe, atravè videyokonferans, nan Forum Ekonomik Mondyal la nan Davos semèn pwochèn, kèk jou apre lap retounen nan Mezon Blanch, se sa òganizatè reyinyon anyèl saa te deklare madi 14 janvye a.
Anpil kreyatè kontni Ameriken ak itilizatè al enskri nan yon lòt aplikasyon mobil chinwa ki rele Xiaohongshu ("Ti Liv Wouj").
Prezidan eli ameriken Donald Trump te deklare jedi li ap travay sou yon rankont ak Prezidan Ris la Vladimir Putin pou “fini” ak lagè nan Ikrèn.
Bilan atak ki te fèt sou palè prezidansyèl la mèkredi swa nan kapital tchadyèn N'Djamena rive nan 19 mò, ladan yo 18 nan asayan yo, dapre sa pòtpawòl gouvènman an te presize bay AFP.
Minis Enteryè Venezwela konfime mèkredi arestasyon ansyen kandida a la prezidans Enrique Marquez, yo akize l pou patisipasyon nan yon "Kou Deta" kont Prezidan Nicolas Maduro, ki pral prete sèman pou yon lòt manda vandredi.
Opozisyon ak patizan pouvwa a lanse manifestassyon, deplwaman fòs lame nan Karakas, plan sekirite inik, arestasyon "mèsenè’’ Venezyela ap viv yon moman tansyon kèk èdtan anvan envestiti prezidan Nicolas Maduro vandredi, viktwa li a sòti nan magouy dapre opozisyon an.
Inyon Ewopeyèn voye jete ‘’byen lwen’’ akizasyon sou koze entèdiksyon Mark Zuckerberg lanse, dapre sa yon pòtpawòl Komisyon Ewopeyèn nan, Paula Pinho, te deklare nan Mèkredi.
Ansyen Prezidan Lafrans Nicolas Sarkozy ap jije lendi sou akizasyon finansman ilegal kanpay prezidansyèl li a nan 2007 pa lidè gouvènman Libyen an, Mouammar Kadhafi.
Opozan venezyelyen an, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki reklame viktwa nan eleksyon prezidansyèl yo, fè sòlda yo konnen dimanch li dwe "pran wòl komandan an chèf la" 10 janvye, jou yo pwograme envestiti Nicolas Maduro, ki pwoklame kòm gayan eleksyon yo.
Opozan venezelyen an, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki reklame viktwa nan eleksyon 28 jiyè a kont prezidan Nicolas Maduro, ap vwayaje soti Madrid kote li t ap viv an egzil, pou l al nan Ajantin, selon yon sous nan prezidans Ajantin nan ki te fè anons la nan jedi.
Opozant venezyelyen an egzil, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki reklame viktwa nan eleksyon 28 jiyè a fas ak Prezidan Nicolas Maduro, ap vwayaje pou ale Ajantin, pandan otorite venezyelyen yo ofri yon rekonpans 100.000 dola pou nenpòt enfòmasyon ki ka ede yo kaptire li.
Prezidan Ondiras la, Xiomara Castro, te menase Mèkredi pou l fèmen baz militè ameriken yo sou tèritwa peyi li si prezidan eli Donald Trump egzekite menas li pou l depòte yon gwo kantite ondiryen apre li pran fonksyon li.
Load more