Premye Minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, bay Mossad lòd vandredi pou l prepare yon plan aksyon pou evite vyolans pandan evènman espòtif, yon jou apre eklatman nan Amstèdam pandan yon match foutbòl.
Tribinal Gwatemala yo te enpoze santans jiska 438 lane nan prizon sou manm yon gwoup gang Barrio 18, pou asasina ak ekstòsyon komèsan ak anplwaye transpò, dapre sa pakè a te anonse Mèkredi.
Budapest, Ongri: Sekretè Jeneral Òganizasyon Trete Nò Atlantik la, Mark Rutte, te di jedi li gen konfyans nan kapasite Almay pou l jwe "wòl li sou sèn mondyal la" totalman malgre, kowalisyon ki sou pouvwa a kraze.
Prezidan Taywann Lai Ching-te te voye Mèkredi "felisitasyon sensè" li bay Donald Trump pou viktwa li nan eleksyon Etazini, li di li rete kwè lyen ant 2 peyi yo ap rete youn nan “twa wòch dife pou estabilite rejyon an".
Larisi "pa fè tèt li okenn ilizyon" sou Donald Trump men li pral "travay" avèk li pandan y ap rapouswiv "tout objektif yo" nan Ikrèn, diplomasi Ris te deklare apre viktwa Repibliken an nan eleksyon prezidansyèl Ameriken an.
Prezidan Otorite Palestinyen an, Mahmoud Abbas, felisite Donald Trump pou viktwa li nan eleksyon prezidansyèl ameriken yo, li te di Mèkredi li gen "konviksyon Etazini pral sipòte aspirasyon lejitim" Palestinyen yo.
Lame Izrayelyen an di ke Hezbollah te lanse anviwon 120 Wòkèt sou peyi yo. Wòkèt sa yo te soti nan peyi Liban Mèkredi 6 novanm.
Sipèsta foutbòl chilyen Arturo Vidal, ansanm ak kèk jwè nan ekip li Colo-Colo (premye divizyon Chili a), ap fè fas ak yon plent pou kadejak, se sa biwo pwokirè Santiago a te fè konnen lendi.
WASHINGTON (AP) — Administrasyon Biden ogmante kritik kont Izrayèl paske li pa fè ase pou amelyore kondisyon imanitè yo nan Gaza alòske gen yon delè 30 jou pou ofisyèl Izrayelyen yo satisfè sèten kondisyon oswa riske potansyèl restriksyon sou asistans militè.
Travayè Boeing ki te nan grèv yo te aksepte yon nouvo akò sosyal Lendi nan aswè, sa ki mete fen nan yon grèv 33 mil anplwaye nan Etazini ki dire plis pase 7 semenn, ki te koute konpayi an ak founisè li yo plis pase 10 milya dola.
Etazini "fòmèlman" denonse samdi kondanasyon ki te bay yon ansyen anplwaye konsila ameriken Vladivostok prèske senk lane prizon pou "kolaborasyon sekrè l ak yon leta etranje".
Sipèsta Sixers Filadèlfi a, Joel Embiid, nan mitan yon envestigasyon NBA apre yon kòm ki dire bouch louvri li te gen nan vestyè yo ak yon jounalis, plizyè medya ameriken rapòte samdi.
Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres, "enkyete anpil" konsènan prezans twoup Kore di Nò yo nan Larisi ak deplwaman posib yo sou fwon an kont Ikrèn, pòtpawòl li a te di nan yon deklarasyon dimanch.
Palman Pewouvyen an te apwouve jedi deplwaman 600 sòlda Ameriken pou sipòte gouvènman an nan misyon sekirite li yo pandan somè Koperasyon Ekonomik Azi-Pasifik (APEC) ki pral fèt nan Lima soti 14 rive 16 novanm.
Kat sitwayen taylandè jwenn lanmò yo an Izrayèl akoz yon wokèt ki tire soti depi peyi Liban dapre sa Minis Afè Etranjè peyi Taylann nan te anonse vandredi.
Anbasadè adjwen Ameriken nan Nasyonzini an te avèti Kore di Nò nan Mèkredi sòlda li yo " asireman ap sòti de pye devan" si yo antre nan Ikrèn pou al sipòte Larisi, nan yon pinga li voye bay lidè Kore di Nò a Kim Jong Un.
Venezyela raple anbasadè li a nan Brezil pou konsiltasyon mèkredi, epi li te fè apèl a chaje dafè Brezil la nan Karakas, pandan tansyon an ap ogmante ant de peyi yo apre veto Brezil la sou antre Venezuyela nan gwoup Brics la semenn pase a.
Minis defans Japon an Gen Nakatani te di Kore di Nò te lanse yon misil jedi a ki te gen tan vòl ki pi long yo janm kontaste pou yon lansman ki soti nan Pyongyang.
LOS ANGELES (AP) — Odyans pou nouvo santans Erik ak Lyle Menendez fikse pou 11 desanm, lè sa yon jij pral deside si yo pral gen chans rejwenn libète apre yo fin pase 34 lane dèyè bawo paske yo te touye paran yo ak zam nan lane 1989.
Moun ki ap kouri kite lakay yo akoz vyolans gwoup gang yo, ekspoze ak vyolans seksyèl oubyen kadejak.
Load more