Mouvman Islamis Libanè a Hezbollah demanti samdi ke yo responsab atak ki fèt nan Majdal Shams, nan Morn Golan, ki se yon tèritwa ke Izrayèl anekse.
TOKYO (AP) — Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken di Lèzetazini gen 'gwo enkyetid' konsènan rezilta eleksyon prezidansyèl Venezyela a ki gen anpil kontestasyon apre rezilta ofisyèl yo di ke se Nicolas Maduro ki genyen.
Lapolis, lame ak travayè sekouris izraelyen anonse Samdi ke wòkèt ki soti nan Liban e ki al frape Mòn Golan yo ke Izrayèl ke anekse o nò teritwa li, blese omwen 11 moun, pami yo timoun.
Prezidan Chili a, Gabriel Boric, se premye chèf deta ki kesyone piblikman rezilta eleksyon prezidansyèl la nan Venezyela, ki bay prezidan sòtan Nicolas Maduro yon twazyèm manda, e Boric konsidere rezilta sa yo "difisil pou kwè".
Prezidan sòtan Nicolas Maduro re-eli pou yon twazyèm manda nan tèt peyi Amerik Latin nan (Venezyela), dapre rezilta Konsèy Elektoral Nasyonal la (CNE) te anonse dimanch 29 jiyè a, e opozisyon an kritike rezilta sila.
Chèf diplomasi Ris ak Chinwa te rankontre Jedi nan Vientiane, nan Laos.
Kamala Harris denonse Jedi 25 jiyè aksyon li dekri kòm "malpouwount" ak "antipatriyotik" ke manifestan yo te fè apre yo te boule yon drapo ameriken.
Rechèch sou asasina John F. Kennedy an 1963, vòl dronn sou espas kote evènman kanpay Trump la tap fèt la, aparèy eksplozif ki kapab aktive a distans: se detay sa yo envestigasyon FBI ap mennen sou tantativ Asasina kont Trump la revele.
Hamas kritike Mèkredi diskou Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu nan Kongrè Ameriken an, diskou ki, dapre òganizasyon an, "twonpe" kominote entènasyonal la.
Joe Biden chante lwanj Mèkredi pou vis-prezidan li a Kamala Harris, ki vin ranplase l kòm kandida nan eleksyon prezidansyèl Novanm nan, e ke li kalifye kòm yon fanm ki gen "eksperyans e ki fò".
Pandan yon miting politik Mèkredi, Donald Trump akize nouvo rival li ki gen anpil chans reprezante pati Demokrat la nan eleksyon Novanm lan.
Prezidan ameriken Joe Biden eksplike Mèkredi ke li abandone kous pou yon dezyèm manda paske li te vle "ini" Pati Demokrat la anvan eleksyon prezidansyèl ki pwograme pou Novanm kont ansyen prezidan Donald Trump.
Lapolis fwontyè nan Panama rapòte Mèkredi 24 Jiyè a ke 10 imigran mouri neye nan yon flèv toupre liy fwontyè ki sou lanmè ant peyi a ak Kolonbi.
Iran konvoke anbasadè Alman an Mèkredi apre Almay te entèdi yon asosyasyon Islamik nan Hamburg, poutèt otorite alman yo sispèk ke li sipòte mouvman libanè Hezbollah a ki anfavè Iran e ke li ap gaye yon ideoloji ki pa demokratik.
Etazini mande liberasyon jounalis Ris-Ameriken Alsu Kurmasheva, ke lajitis ris kondane ak yon santans 6 ane edmi prizon pou sa li te ekri sou envazyon Larisi nan Ikrèn nan.
Vis Prezidan Ameriken Kamala Harris deklare Lendi nan aswè ke li te "fyè dèske li te jwenn sipò ki nesesè pou l vin kandida pati Demokrat la" pou ranplase Joe Biden ki bay kandidati pa li vag.
Pòtpawòl Ministè Afè Etranjè Chinwa a, Mao Ning, di nan yon konferans pou laprès pandan diplomat Ikrenyen Dmytro Kuleba ap vizite Lachin, ke Peken "pral kontinye kanpe sou bò lapè ak dyalòg".
Direktris Sèvis Sekrè a, ki jwenn anpil kritik piman bouk depi apre tantativ asasina kont ansyen prezidan Donald Trump 13 jiyè a, remèt demisyon li dapre sa, plizyè medya Ameriken rapòte Madi.
Load more