Prezidan Kenya a, William Ruto, akize Lendi 15 jiyè a Fondasyon Ford ki baze Ozetazini kòmkwa li ankouraje "anachi", kidonk dezòd, e finanse manifestasyon kont gouvènman an ki te souke peyi a mwa pase.
Ansyen prezidan ameriken Donald Trump di New York Post Dimanch ke li te "sipoze mouri" apre li te siviv yon tantativ asasinay ke li te dekri kòm yon "eksperyans nan yon mond ki pa reyèl."
Nan peyi Kenya otorite dekouvri plizyè kadav nan yon pil fatra, nan kad yon ankèt ki te louvri apre dekouvèt kadav fanm ke asasen te rache an plizyè moso. Gen yon sispèk ki anba kòd.
Apre tantativ asasina ki fèt sou ansyen prezidan ameriken Donald Trump, Kremlin an di li "kondane ak tout fòs vyolans nan kad lit politik la".
Prezidan Fransè a Emmanuel Macron sou rezo sosyal X voye "swè retablisman rapid " pou ansyen Prezidan Trump apre tantativ asasina ki fèt kont li a.
Envestigatè FBI yo idantifye sispè ki te fè tantativ asasina kont ansyen Prezidan Ameriken Donald Trump lan.
Lachin kondane Vandredi (12 Jiyè) "deklarasyon ke li kalifye kòm pa serye ditou epi ki pwovokan" ke Sekretè Jeneral Òganizasyon Trete Nò Atlantik (OTAN) te fè kote li di se Lachin "ki vrè peyi ki òganize" lagè Larisi nan Ikrèn nan.
Prezidan Ikrenyen Vladimir Zelensky di Jedi li gen konfyans ke yon jou peyi li ap rantre nan Òganizasyon Trete Nò Atlantik la, alòske peyi alye yo ki rankontre nan Washington pa ba li envitasyon pou sa.
Joe Biden, ki anba gwo presyon pou li bay kandidati li vag kote li ap cheche double manda nan Mezon Blanch, pale nan yon reyinyon pandan somè lOTAN an, kote li envite piblik la akeyi "Prezidan Putin" olye de “Prezidan Zelenskyy” sou sèn nan somè Òganizasyon Trete Nò Atlantik la nan Washington.
Nan konferans pou laprès prezidan ameriken an, Joe Biden, nan somè LOTAN an nan Washington DC, bouch prezidan an te chape lè li te di "Vis Prezidan Trump" olye de vis prezidan li Kamala Harris.
Prezidan kenyen an, William Ruto, revoke prèske tout manm gouvènman l lan Jedi 11 avril, selman vis-prezidan li a ak minis afè etranjè li a, rete nan pòs yo.
WASHINGTON (AP) — Peyi LOTAN yo rale zòrèy Peken, kote yo di li se yon "peyi ki ede" lagè Larisi nan Ikrèn nan. Yo eksprime enkyetid yo sou asenal nikleyè Lachin nan ak kapasite li nan lespas.
Larisi mete Yulia Navalnaïa ki ann egzil sou lis teworis ak ekstremis.
Prezidan fransè Emmanuel Macron, soti nan silans li pou premye fwa apre eleksyon lejislatif dimanch la kote pati gòch la te soti an tèt men san yon majorite absoli devan kan prezidan an ak pati ekstrèm dwat la.
Peyi Òganizasyon Trete Nò Atlantik yo, ki te rankontre nan yon somè nan Washington nan Mèkredi, rekonèt ke Ikrèn sou yon "chemen irevokab" pou rantre nan Alyans Atlantik la, dapre sa diplomat yo di.
Prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky te di madi ke li te rive Washington pou patisipe nan somè Òganizasyon Trete Nò Atlantik la (LOTAN) epi mande plis zam. Nouvel la rive yon jou apre atak mòtèl Larisi te lanse te frape pi gwo lopital pedyatri Ikrèn lan.
Premye Minis Endyen Narendra Modi, rive Moskou lendi 8 Jiyè, pou premye vizit li nan Larisi depi gwo atak Kremlin an te fè sou Ikrèn an 2022, dapre ajans Larisi yo.
Lendi 8 jiyè 2024 la, Joe Biden mande Demokrat eli yo, ki te rasanble nan Washington pou yon nouvo sesyon palmantè, pou yo "sipòte" kandidati li a.
Joe Biden di lendi ke Lafrans "rejte ekstremis" nan eleksyon lejislatif li yo e ke "Demokrat yo pral rejte li tou" nan eleksyon prezidansyèl Etazini an.
Omwen 10 moun pèdi lavi yo epi 35 lòt blese nan atak Larisi lanse lendi sou Kyèv, kote li frape antwòt yon lopital pou timoun, dapre sa administrasyon militè kapital Ikrenyen an di sou Telegram.
Load more