Kore di Nò tire 2 misil balistik ki pa fèt pou rive lwen lendi 1 jiyè a, dapre sa lame Kore di Sid la rapòte, yon jou apre Pyongyang te voye yon pinga sou "konsekans fatal" manèv militè Sid la ap fè avek alye li yo.
Larisi menase peyi manm lOTAN yo pou li "konfwonte yo dirèkteman" akòz yo ogmante vòl dronn militè Ameriken nan Lanmè Nwa a, sou kòt Ikrèn, kèk jou apre premye menas li kont Washington ki te fèt apre "yon atak nan Krime" ke Larisi anekse.
Bronny James pral jwe nan menm klèb ak papa li nan ekip Los Angeles Lakers.
Minis Defans Ris la fè konnen Vandredi 28 Jen an Larisi pran vilaj Rozdolivka nan rejyon Donetsk nan lès Ikrèn, kote sòlda li yo ap vanse sou twoup Kyèv yo.
Chèf lame Bolivi a jwenn arestasyon li Mèkredi apre li te voye sòlda ak tank pran pozisyon devan kèk bilding gouvènman an, sa ke Prezidan Luis Arce rele yon tantativ koudeta.
Etazini ta dwe "seryezman" etidye "siyal" Moskou voye ba li pou yon boukantay prizonye ant 2 peyi yo, se sa Minis Zafè Etranje Adjwen Ris la di nan Mèkredi, kèk èdtan apre ouvèti pwosè jounalis Ameriken Evan Gershkovich ki te jwenn arestasyon nan Larisi pou zak espyonaj.
22 moun pèdi lavi yo nan Kenya nan manifestasyon kont gouvènman an ki te debouche sou gwo dezòd Madi, dapre sa prezidan Komisyon Nasyonal Dwa Moun nan Kenya (KNHRC), di AFP Mèkredi 26 jen an.
Nan antant ke Fondatè WikiLeaks, Julian Assange, jwenn ak Depatman Jistis Etazini, li jwenn liberasyon li Mèkredi apre li te plede koupab pou akizasyon ki te sou do l, men Assange di li anba entèdiksyon pou l pa antre Etazini san otorizasyon.
Omwen 5 moun pèdi lavi yo ak 31 blese madi 25 jen an nan manifestasyon ki te fèt nan Kenya kont plan gouvènman an genyen pou enpoze nouvo taks.
Tribinal Penal Entènasyonal anonse Madi ke li te mete yon manda arestasyon kont chèf deta majò Ris la Valery Gerasimov ak ansyen Minis Defans Ris Sergei Shoigu.
Prezidan peyi Ikrèn Vladimir Zelensky revoke Lendi yon gwo zotobre nan lame a ke yon lòt kòmandan te akize de enkonpetans ak abi pouvwa.
Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken rankontre ak Minis Defans Izrayelyen an Yoav Gallant Lendi 24 jen an, kote li di Gallant Etazini vle evite "eskalade" nan konfli Gaza a ki ta antre nan peyi Liban.
Fondatè WikiLeaks la, Julian Assange, te rive jwenn yon antant avèk lajistis Etazini.
Prezidan kenyan an, William Ruto, te vizite lendi premye kontenjan 400 polisye ki pral pran avyon pou ale an Ayiti madi nan kad yon misyon entènasyonal pou ede PNH la retabli lapè ak sekirite nan peyi a.
Diplomasi Larisi anonse Lendi ke li te konvoke anbasadè Ameriken an nan Moskou pou avèti li sou pwochen "mezi vanjans" ke Larisi gen pou pran bò kote pa li, apre Ikrèn te lanse yon atak pou fè san koule nan Krime, rejyon ke Larisi te anèkse.
Larisi akize Etazini dimanch apre Ikrèn te lanse yon atak sou Krime kote li touye 4 moun epi blese plizyè lòt.
Yon fòs polis Kenyan pral pran avyon pou al Ayiti 25 Jen pou dirije yon misyon LONU apiye ki gen kòm misyon pou jere zak vyolans gang yo.
20 jen (Reuters) - Donald Trump, ki se kandida Repibliken pou prezidan, di nan yon deklarasyon ki pase sou entènèt jedi ke elèv ki gradye nan kolèj ameriken yo ta dwe resevwa yon “Green Card” pou yo rete nan peyi a, yon pwopozisyon ki ale kont pozisyon liy du ke li konn pran sou kesyon imigrasyon.
Prezidan Venezyela a, Nicolas Maduro, ki kandida pou yon twazyèm manda nan eleksyon 28 jiyè a, pran angajman sou papye ak kandida ti pati politik yo, pou li respekte rezilta biwo vòt yo, pandan arestasyon opozan politik li yo ap kontinye.
Load more