Nan reyinyon G7 ki ap dewoule nan peyi Itali peyi ki fè pati alyans 7 pi gwo puisans endustriyalize yo pwomèt pou "sipòte" Ikrèn "osi lontan ke sa nesesè".
Lèzetazini siyen yon akò sekirite pou 10 an ak Ikrèn Jedi 13 jen 2024 la pandan yon rankont sou kote somè a G7 la nan sid peyi Itali.
Prezidan ameriken an, Joe Biden, akize Hamas kòm "obstak prensipal seselfe a ".
Lidè G7 yo te rankontre nan peyi Itali pou jwenn yon "akò politik" Jedi sou fason yo ka itilize byen Larisi ke yo jele yo.
Ofisyèl Izrayèl Jedi 13 me a deklare yo pral reponn "ak tout fòs" a "tout atak Hezbollah" ta fè kont yo.
Tribinal Siprèm Ameriken an ranvèse jedi 13 jen an yon seri de mezi ke yo tap pran pou retabli yon seri restriksyon sou aksè ak medikaman pou medam yo fè avòtman ke yo rele mifepristone.
Mèkredi 12 jen an Chanm Depite ameriken ki gen yon majorite repibliken sanksyone Minis Jistis administrasyon Joe Biden nan Merrick Garland.
Biwo Pwokirè Ris la te anonse Jedi 13 jen an ke jounalis Ameriken Evan Gershkovich pral jije byento nan Yekaterinburg.
Mèkredi 12 jen 2024 la, nan yon seremoni nan Primati a, yo te enstale Kabinè Premye Minis Garry Conille la.
Envestigatè Nasyonzini yo nan yon rapò ki soti Mèkredi 12 jen an akize Izrayèl la ak 7 "gwoup ame Palestinyen", ki gen ladan Hamas, de krim lagè depi 7 oktòb la .
Yon ansyen sòlda Ameriken ke lajistis nan eta Missouri te kondane amò pou asasina yon fanm li te gen yon relasyon ave l te egzekite madi nan Missouri.
Yon rapò Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon an (OIM) te pibliye madi 11 jen an di gen plis pase 10 milyon moun te pati kite kay yo akoz lagè Soudan an ki te kòmanse nan mwa avril 2023 ak konfli anvan yo.
Jounalis AFP te wè 4 bato lamarin Ris, pami yo yon soumaren ki gen kapasite nikleyè ki rive Kiba Mèkredi 12 jen an pou yon vizit kap dire 5 jou.
Mèkredi, Etazini revele yon nouvo seri sanksyon ki vize pou kwape efò lagè Ris la nan Ikrèn.
Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken di Mèkredi ke yon akò seselfe nan Gaza ta gen yon gwo efè sou rediksyon tansyon ki geneyn sou fwontyè Izrayel ak Liban, kote vyolans ant lame Izraelyen an ak Hezbollah ogmante.
Nan yon kominike pou laprès Prezidan Joe Biden repete ke li pral "respekte pwosesis legal la" apre manm jiri yo jwenn pitit gason li, Hunter koupab.
Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy mande madi pou Ikrèn pa janm "divize" pa Larisi, e li fè yon paralèl istorik ak mi Berlin an pandan yon diskou li te fè an Almay.
Vis prezidan Malawi ak 9 lòt moun pèdi lavi yo nan yon aksidan avyon.
Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken te anonse madi 11 jen yon nouvo èd ki evalye a $404 milyon dola pou ede Palestinyen yo, pandan l ap mande lòt peyi yo fè menm jan an.
Yon lòt fwa anko, Kore di Nò voye balon chaje ak fatra nan direksyon Kore di Sid e li lanse yon pinga pou di li pral pran revanj si Seoul kontinye ak taktik "lagè sikolojik" li a.
Load more