Washington denonse zak kote yon avyon lagè Ris frape yon dronn ameriken nan lanmè nwa a.
Apre Pap Franswa te deklare ke peyi Nikaragwa gen "yon diktati gwosye”, Minis Afè Etranjè Nikaragwa a di Dimanch ke peyi li ap konsidere sispann relasyon li ak Vatikan.
Otorite yo nan Transdnistri, yon rejyon ki gen separatis anfavè LaRisi nan Moldavi fè konnen ke yo dejwe yon atak ke yo di Kyèv tap fè kont plizyè dirijan yo, pandan ke toujou gen gwo tansyon nan sa ki gen rapò ak lagè a nan Ikrèn.
Soti Kaboul pou ale Paris ak Barcelòn, fanm toupatou nan mond lan manifeste Mèkredi pou defann dwa yo, ke moun nan divès peyi sou planèt la pa respekte .
Plizyè lidè sosyalis nan Amerik Latin te reyini nan Karakas pou rann omaj bay ansyen prezidan venezuelyen Hugo Chavez, nan okazyon dizyèm anivèsè lanmò li.
Yon pwojè lwa ki ta entèdi konplètman TikTok Ozetazini fè yon pa enpòtan nan Kongrè Etazini an Mèkredi pase.
Pandan somè G-20 an te ap dewoule nan peyi End, Sekretè deta Etazini an Antony Blinken te al pale ak minis afe etranjè ris Sergueï Lavrov pou mande Moskou mete fen nan gè lap mennen kont Ikrèn nan.
FC Barselòn bat ekip Real Madrid la 1 a 0 nan premye match semifinal 2 ekip yo nan chanpyona “Copa del Rey” a, Koup Wa Espanyòl la.
Etazini pral anonse nouvo èd pou Ikrèn, dapre deklarasyon Mezon Blanch jedi san bay plis detay. Deklarasyon an sèlman di se sitou minisyon ki ap nan èd sa.
Nan yon deklarasyon Jedi klèb Catalan anonse ke Joao Mendes, pitit gason Ronaldinho, ansyen lejand ekip FC Barcelone nan, antre nan ekip FC Barcelona.
Load more