Avek pwoblèm kouran ki genyen nan Ikrèn, pep la itilize Yoga pou yo kapab okipe lespri yo.
Prezidan Alman an, Frank-Walter Steinmeier mande lidè Chinwa a Xi Jinping pou li sèvi ak enfliyans li pou l mande Larisi sispann lagè a nan Ikrèn.
Lapolis Islamik arete 19 moun yo akize deske yo te òganize yon maryaj masisi nan vil Kano.
Pap Franswa revele, yon ti tan apre li te eli kòm Souvren Pontif an 2013 li, te ekri yon lèt demisyon pou si l ta gen pwoblèm medikal ki ta anpeche l kontinye dirije legliz la .
Palmantè yo nan Inyon Ewòp la mande jedi 15 desanm 2022 po, tanporèman, bloke aksè ak tout reprezantan Katar e yo deside sispann yo nan tout aktivite lejislatif yo genyen ki gen koneksyon avèk peyi arab la .
Gouvènman Ameriken an anonse Jedi 15 desanm 2022 a , li mete sou yon lis nwa 36 konpayi Chinwa ki konn fabrike semi-kondiktè.
Jedi 15 desanm 2022 a , Tribinal Entènasyonal la (CPI) konfime kondanasyon pou krim lagè ak krim kont limanite kont Dominic Ongwen, ki te fè pati sa yo rele "timoun sòlda " --- sa vle di li te nan aktivite kriminèl depi lè li te timoun .
Dimanch 18 desanm kap vini l a, final Mondyal Qatar la ap mete fas pou fas Lafrans ak Ajantin. Yo tou lè 2 deja ranpòte konpetisyon 2 fwa.
Majistra kapital Ikrenyèn nan, Vitaly Klitschko, anonse moun te ka tande anplil eksplozyon Mèkredi maten, apre lansman atak dwon ris yo lanse sou Ikrèn.
Kriz politik ap kontinye nan peyi Pewou menm jan manifestasyon ap kontinye melanje ak lese frape ant Lapolis ak pèp souvren.
Yon gòl Lionel Messi sou penalite ( 5èm gòl li nan konpetisyon an ) ak 2 lòt gòl ki pote siyati Julien Alvarez pèmèt (39èm ak 69èm minit) pèmèt Ajantin file pou final 22èm edisyon faz final Mondyal FIFA a nan Qatar .
Nan peyi Pewou, nouvo prezidan an Dina Boluarte, fè konnen l ap voye lendi 12 desanm nan yon pwopozisyon bay palman an pou eleksyon jeneral yo dewoule ann avril 2024 olye de 2026 .
Load more