Gen 66 klinik Ozetazini ki sispann fè avòtman pou medam yo depi apre desizyon Tribinal Kou Siprèm lan te pran pou l pa garanti dwa fanm yo genyen pou yo jete timoun.
Daprè gouvènè rejyonal la, ponpye yo ap travay pou etenn dife ki soti nan yon nan yon bilding ki gen moso metal ki detache ladann e ki soti tombe apre atak sa ke Larisi lanse kont vil Zaporizhia nan peyi Ikrèn.
Dapre yon deklarasyon ki soti nan Mezon Blanch nan Mèkredi, prezidan Ameriken Joe Biden li "desi ak desisyon OPEP pran pou li redwi drastikman pwodiksyon petwol la.
Etazini ak Kore di Sid lanse 4 misil nan lanmè a Mèkredi, yon jou apre Pyongyang te tire yon misil balistik ki te pase sou tèt peyi Japon.
Dapre yon dekrè Prezidan Vladimir Putin siyen, Larisi pran kontwol ofisyèlman izin nikleyè Zaporizhia a nan ki sitiye nan sid Ikrèn. Ris yo gen kontwòl santral la depi plizyè mwa deja.
Lafrans ap travay ak Inyon Ewopeyen an pou adopte plizyè sanksyon kont anpil ofisyèl peyi Iran.
Plis pase 200,000 moun nan lame Ris la mobilize depi lè Putin te lanse anons pou mobilizasyon militè nan peyi a nan dat 21 septanm nan pou al batay nan Ikrèn.
Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken tanmen yon toune nan peyi Amerik Latin yo, prensipalman nan peyi Kolonbi, kote li vize ranfòse lyen ak alye kle Etazini. Vizit la ap fet apre plizye nan alye sa yo vin dirije pa prezidan zel gòch.
Prezidan Tribinal Elektoral Siperyè Brezil la, Alexandre de Moraes, anonse ke pral gen yon dezyèm tou eleksyon prezidansyèl nan dat 30 oktòb la.
Omwen 129 moun jwenn lanmò yo samdi swa nan peyi Endonezi apre dezòd te pete kote spektatè yo tap pouse youn lòt, apre ekip foutbòl Arema FC pèdi 3 a 2 devan Persebaya Surabay.
Chèf jent la Lyetnan-Kolonèl Paul-Henri Sandaogo Damiba ki te pran pouvwa nan Burkina Faso sa gen 8 mwa de sa apre yon koudeta, demisyone dimanch 2 oktòb apre yo te fin ba li yon koudeta tou.
Pandan lapryè Angelus li fè chak semèn, Pap Franswa angaje l pou l mande pou gen yon fen imedyatman nan lagè a nan Ikrèn. Pontif la di li te pale dirèkteman ak Prezidan Federasyon Ris la, Vladimir Putin.
Nan diskou kotidyen li, Prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky avèti sitwayen ris yo ke yo "yo pral mouri youn pa youn" toutotan Putin rete sou pouvwa a.
Larisi te sèvi ak veto li san sipriz pou anpeche adopsyon yon rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini ki kondane aneksyon 4 rejyon Ikren yo.
Peyi Burkina Faso ki nan kontinan Afriken an fè eksperyans ak yon dezyèm koudeta nan 8 mwa.
Konseye Mezon Blanch sou sekirite nasyonal Jake Sullivan deklare risk pou Prezidan Ris Vladimir Putin itilize zam nikleyè egziste men li pa sanble "iminan",
Load more