Yon tribinal Ris lage advèsè politik farouch Putin nan Evguéni Roizman, ki se ansyen majistra Ekaterinbourg, nan Oural yo, annatant jijman tribinal la. Yo akize'l kom kwa li te vle "diskredite" lame a.
Prezidan Ris la, Vladimir Putin, te siyen yon dekrè Jedi ki bay lòd pou yon ogmante pa 10% nan kantite sòlda ki gen nan lame a, nan mitan yon gwo operasyon militè ke yap menen kont Ikrèn ak yon seri gwo tansyon k ap grandi nan mitan yo ak peyi oksidantal yo.
Premye Minis Britanik la Boris Johnson te fè yon vizit sipriz nan Ikrèn Mèkredi, ki se jou selebrasyon fèt Endepandans peyi a, pandan menm moman an tou y ap make 6 mwa depi Ris yo te anvayi peyi a.
Manm opozisyon Ris Yevgeny Roizman, ki se ansyen majistra Yekaterinburg, nan Oural yo, se te youn nan dènye pesonaj opozisyon ki toujou lib nan peyi a. Lajitis Ris mete lapat sou li Mèkredi maten, dapre akisasyon kom kwa li te eseye "diskredite" lame peyi a.
6 mwa apre Larisi lanse envazyon l nan Ikrèn, Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy te asire pèp la mèkredi ke peyi a ta pral goumen "jiska la fen" pou reprann tout teritwa li yo. Li te fè deklarasyon sa nan yon diskou nan okazyon anivèsè endepandans Ikrèn.
Dapre sa prensipal òganizasyon Tik Tüsiad ki responsab komès di Madi, Washington lanse yon avètisman bay konpayi a ak lòt enstitisyon Tik ki ap fè komès ak Larisi, pou di yo riske tombe anba sanksyon Etazini,
Neg ak zam Kidnape 4 mè katolik Dimanch nan Eta Imo, ki sitiye nan sid peyi Nijerya, yon rejyon kote pratik kidnaping pou ranson konn fèt anpil, dapre sa otorite yo nan lapolis te deklare Lendi.
Stars Coffee, ki se yon cafe sou mache Ris ka vin ranplase jeyan kafe Ameriken Starbucks nan Moskou apre yo te pliye bagaj yo akòz lagè larisi ap mennen nan Ikrèn, yo te louvri premye cafe yo nan Moskou Vandredi ak eslogan "Bucks is gone, the stars have stayed".(Bucks bat zel li Stars li rete).
Etazini anonseVandredi ke li pral bay Repiblik Tchekoslovaki 8 elikoptè konba, Repiblik Tchekoslovaki se yon manm Òganizasyon Trete Nò Atlantik (OTAN).
Ansyen prezidan de goch Brezilyen Luiz Inacio Lula da Silva gen yon avantaj 15 pwen sou aktyèl prezidan ekstrèm dwat la Jair Bolsonaro, men dapre sa sondaj yo di, Bolsonara kòmanse ap redwi eka ki genyen ant yo a.
ONG Médecins Sans Frontières (MSF) te di AFP Jedi ke yo gen anpil kè sote apre plizyè neg ame te rantre nan yon lopital nan andeyò kapital peyi a Pòtoprens epi yo pran yon pasyan apre yo egzekite nan deyò lopital la.
Otorite lokal yo anonse ke yon bonbadman Larisi te fè sou Kharkiv, dezyèm vil Ikrèn, atak sa te koze lanmò omwen 6 moun e 16 lòt blese. Prezidan Vladimir Zelensky denonse "atak sa li di sa se yon atak meprize ak sinik".
Load more