Downing Street deklare Lendi ke se fiti "premye minis la" ki pou travay sou kriz lavi chè a, nan moman kote Boris Johnson remèt demisyon li, apre li te jwenn anpil kritik pou fason li te jere sitiyasyon ekonomik peyi a.
Yon nonm dapre sa yo di ke tèt li pa two byen te touye 10 moun ak kout kouto andeyò Kerman, ki sitiye nan sid Iran. Lapolis te mete la pat sou misye yon ti tan aprè.
Malgre plizyè apèl peyi l'oksidan yo ak Japon lanse, Lachin anonse Lendi kontinyasyon egzèsis militè li yo tou pre Taiwan, toujou an repons a vizit Nancy Pelosi nan Taiwan yon zile ke Peken reklame kom teritwa pa li.
Ansyen depite opozisyon an Jwenn "kondanasyon li pou li al pase 8 an nan prizon" pou patisipasyon li nan yon swadizan tantativ pou yo te atake Prezidan Venezyelyen an Nicolas Maduro an 2018, gen an total 17 moun ke lajitis te kondane pou krim sila.
Pòtpawòl sekirite nasyonal Lamezonblanch, John Kirby, di Vandredi ke Lamezon Blanch konvoke anbasadè Lachin nan Washington pou kondane konpòtman "irèsponsab" Lachin nan Taiwan.
Ministè Defans Taiwan denonse vandredi nan yon deklarasyon egzèsis militè "trè pwovokan" ke Lachin lanse. Li te bay detay sou ki pozisyon aparèy militè Chinwa yo te ye.
LaMezon Blanch anonse jedi ke yo "te mande" otorite Ris yo pou yo aksepte "òf serye" ke yo te fè a, kote yo mande echanj plizyè prizonye, yon fason pou yo jwenn retou Brittney Griner Ozetazini.
Jistis britanik la deside wetire kontwòl rezèv ki estoke nan Bank Angletè nan men gouvènman Maduro a.
Larisi deklare ke li te detwi yon depo zam etranje nan rejyon Lviv ki sitiye nan lwès Ikrèn. Rejyon sa a kole ak fwontyè Polòy.
Otorite Meksiken yo te jwenn 45 imigran nan yon kamyon Lendi. Se metòd transpò sa a kontrebandye yo itilize pou yo kapab fè migran antre ilegalman nan Etazini.
Load more