Konpayi gaz Ris la Gazprom pral sispann livrezon gaz bay founisè Olandè GasTerra, ke gouvènman Olandè a posede yon pati ladann.
Prezidan Inyon Afriken an, Macky Sall, eksprime enkyetid li Madi sou konsekans sanksyon Ewopeyen yo genyen kote yo deside ekskli bank Ris yo nan sistèm entènasyonal Swift la.
Prezidan fransè Emmanuel Macron te anonse Madi ke li te pwopoze Vladimir Putin adopte vòt yon rezolisyon Nasyonzini an pou leve blokaj Ris la nan pò Odessa nan Ikrèn.
Biwo Pwokirè Nasyonal Anti-Teworis Lafrans (Pnat) anonse lendi ke yo ouvri yon ankèt sou krim lagè apre lanmò Frédéric Leclerc-Imhoff.
Vandredi, Etazini anonse nouvo sanksyon finansye apre dènye tes misil Kore di Nò yo. Gen kèk nan yo ki vize de bank Ris ke yo akize ki ap sipòte pwogram zam destriksyon an mas peyi Kore di Nò a.
Anpil akizasyon lanse kont Larisi, kòmkwa li responsab pou pwoblèm livrezon manje nan mond lan akòz operasyon li a nan Ikrèn.
Otorite yo anonse yon Irakyen ki lye ak gwoup Eta Islamik la te jwenn arestasyon li e otorite yo akize l madi kòm kwa yo sispèk li tap prepare yon tantativ asasina kont ansyen prezidan ameriken George W. Bush.
Anviwon 50 sivil pèdi lavi yo nan yon atak ke yo te sispèk ke jihadist te komèt ayè mèkredi a nan lès peyi Burkina Faso, dapre deklarasyon gouvènè rejyon an Kolonèl Hubert Yameogo te di Jedi.
Dapre nouvel yo, gen 9 moun ki pèdi lavi yo nan eksplozyon 3 minibis nan Afganistan.
Jeyan famasetik Ameriken Pfizer te pwomèt Mèkredi pou l vann kèk nan medikaman ak vaksen li yo pou 45 peyi pòv yo, nan kad yon inisyativ te anonse nan Forum Ekonomik Davos la.
Etyopyen an Tedros Adhanom Ghebreyesus te re-eli yon lòt fwa nan tèt Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS).
19 timoun ak yon pwofesè pèdi lavi yo nan yon tire ki fèt nan yon lekòl primè madi, dapre sa gouvènè a di, e nèg ak zam ki te komèt zak la, ki gen 18 an, pèdi lavi l tou.
Etazini fè konnen yè lendi a ke li tap chache fason pou reprezante moun Kiba, Venezuela ak Nicaragua nan yon somè mwa pwochen an apre menas pou boykote diskalifikasyon gouvenman yo a.
Load more