Dènye Repetisyon pou parad militè tradisyonèl 9 me a nan Moskou te fèt ayè samdi a, yon parad ki dewoule chak ane pou selebre viktwa Larisi sou Almay Nazi a an 1945. Nan okazyon sa a , ris yo pral demontre bann ak pakèt zam yo genyen nan asnal yo.
Otorite yo nan Transdnistri ki se yon rejyon Separatis , nan Moldavi, anonse samdi te gen 4 eksplozyon ki rive nan rejyon an toupre yon ansyen avyasyon nan yon vilaj ki toupre fwontyè yo genyen ak Ikrèn. Otorite yo pa mansyone okenn viktim nan atak yo.
Premyè dam Etazini an, Jill Biden, rankontre nan Bucharest plizyè fanmi refijye Ikrenyen yo pandan yon vizit sou kontinan Ewòp la pou eksprime sipò li pou peyi Ikrèn ansanm ak tout peyi ki deside pou ede Ikrèn.
Yon ofisyèl ameriken wo plase ki pale ak AFP a kondisyon pou non l pa site, demanti nouvel ki di Sèvis Ransèyman Ameriken an te ede Ikrèn idantifye Moskva a, bato Ris la ki te nan Lanmè Nwa a e ki te koule 14 avril pase a.
Otorite pwo-ris nan rejyon separatis yo, Louhangs ak Donetsk, anonse yo enstale nan lang ris pano siyalizasyon ki sou wout yo nan Marioupòl e ki te an ikrenyen ak anglè anvan sa…
Almay pral bay Ikrèn 7 cha blende espesyal pou ede peyi a repouse anvayisè ris yo. Se Minis Defans alman ki fe anons la Vandredi, yon fason pou ranfòse efò k ap fèt pou mete gwo zam lou a la dispozisyon Ikrèn.
Biwo Nasyonzini an nan peyi d'Ayiti eksprime enkyetid li ayè Mèkredi sou rekritman plizyè timoun ke gang an Ayiti ap fè.
Se mayo lejand foutbòl Ajantin Diego Maradona te mete sou li nan match li te jwen kont Angletè a nan koup du mond 1986 ke yon moun achte pou prèske $9.3 milyon, e lavant sa a bat tout rekò pou yon mayo espò ki nan koleksyon.
New York Times te di ke Ajans Ransèyman Etazini te ede lame Ikrenyen an mennen plizyè operasyon ki pèmèt yo touye plizyè jeneral Ris nan lagè a.
Kore di Nò te lanse yon misil balistik Mèkredi, yon semèn apre lidè li Kim Jong Un te pwomèt ke lap kontinye ak devlopman asenal nikleyè peyi a.
Load more