Dapre yon rapò Nasyonzini prèske 3.8 milyon moun te kouri kite Ikrèn. Yo te pran direksyon peyi vwazen yo Polòy, depi kòmansman envazyon Larisi a. Men semèn sa a kantite moun kap kouri kite peyi a, fè yon ti ralanti.
Vandredi, ofisyèl Ewopeyen yo akize Larisi deske li "sezi" dè santèn avyon, ki vo dè milya ewo.
Larisi di Vandredi ke li te detwi pi gwo rezèv gaz lame Ikrenyen an ak plizyè misil kwazyè.
Larisi rekonèt vandredi ke yo gen 1,351 sòlda yo ki mouri nan atak yo te lanse kay vwazen yo Ikrèn depi kòmansman operasyon militè spesyal yo a. E yo lanse yon pinga bay peyi oksidantal yo ke yo ap fè yon "erè" si yo livre zam bay Kyev.
Lidè rejyon Hirshabelle nan Somali fè konnen plizyè douzèn moun pèdi lavi yo, mèkredi, nan atak ki fèt sou vil Beledweyne, pami yo yon manm palman Somali-a. E plizyè lòt moun pèdi lavi yo lè militan te ouvè kout zam sou yon aewopò nan kapital Somali a.
Ap gen yon repons militè loksidan si LaRisi sèvi ak zam chimik nan Ikrèn, se pawòl Prezidan Etazini Joe Biden jedi.
Roskomnadzor ki se Regilatè medya nan peyi Larisi deside limite aksè ak sèvis News.Google ki se ajans nouvel Google sou entènèt, yo akize Google deske l ap bay aksè a "fo" enfòmasyon sou operasyon miliè Larisi a nan Ikrèn.
Plis pase mwatye nan timoun ki tap viv nan peyi Ikrèn oblije kite kay yo pou sove kont ensekirite akoz a envazyon lame Ris la, ki tanmen 24 fevriye, UNICEF deklareJedi.
Gouvènè rejyon an Sergey Gaidai te deklare ke omwen 4 moun rive pèdi lavi yo nan Bonbadman ki te fèt toupre Lugansk, pami viktim yo gen 2 timoun. Gen 6 lòt moun ki te soti blese nan atak sila ke Larisi te fè sou vil Rubizhne, ki toupre vil Lugansk.
Kore di Nò lanse yon misil balistik entè-kontinantal jodi jedi a, dapre konklizyon Etazini ak alye li yo nan rejyon an, premye fwa Pyongyang lanse yon misil ki tire lwen depi 2017.
Gouvènman Britanik la anonse Jedi yon seri nouvo sanksyon ki vize 59 pèsonaj ak konpayi Ris ak 6 moun nan Byelorisi.
Jens Stoltenberg, ki se Sekretè Jeneral Òganizasyon Trete Atlantik Nò a, LOTAN, deklare Jedi ke Prezidan Ris la Vladimir Putin fè yon "gwo erè" ak envazyon li a nan Ikrèn, kote li jwenn yon rezistans ke li te "souzestime",
Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy te pale devan palman fransè a Mèkredi, kote li di li espere ke Lafrans ap ede Ikrèn mete yon fen nan "lagè kont libète, egalite ak fratènite" sa a epi finalman respekte Inyon Ewopeyen an.
Nan videyo-konferans li fè devan Palman Japonè a, Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy denonse Nasyonzini Mèkredi, paske li pa t 'kapab anpeche Larisi anvayi peyi l, epi li te mande pou gen refòm pwofon andedan enstitisyon an .
Thailand ap vanse pou-l soti nan sityasyon pandemi an nan 3 mwa pou pita apre ke li fin leve kèk restriksyon akoz Koronavirus la ke li te mete sou vwayaj.
Lachin te deklare Mèkredi ke li pa dakò pou yo ekskli Larisi nan pwochen somè G20 an, ki se yon bagay Washington te prevwa apre envazyon Ris nan Ikrèn.
Depite Larisi yo te vote Madi yon lwa ki bay jiska 15 zan prizon pou moun ki ap bay fo nouvèl sou lagè a nan peyi Larisi.
Dapre chif Nasyonzini pibliye, gen plis pase 3.5 milyon moun ki kouri kite Ikrèn akoz operasyon militè espesyal lame Ris la ap mennen nan peyi a.
Prezidan Ikrenyen an deklare li pare pou diskite ak tokay Ris li Vladimir Putin sou yon "konpwomi" sou Donbass ak Krime pou "lagè a ka sispann ". Misye di li kwè sepandan ke nenpòt konpwomi ta dwe ratifye pa Ikrenyen nan yon referandòm.
Load more