Gouvènè Repibliken Ron DeSantis bay lòd pou depwaye plis pase 250 ajan lapolis ak sòlda nan Florida pou ede bare sa li prevwa kòm yon vag imigran ayisyen ki pwal kouri kite peyi Dayiti akoz zak vyolans gang nan peyi a.
PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Politisyen toupatou ann Ayiti ap goumen pou yo pran pouvwa a apre Premye Minis Ariel Henry fin anonse ke li ap demisyonen depi gen yon konsèy prezidansyèl tranzisyon pou ranplase li.
Inyon Ewopeyen an anonse Mèkredi 13 Mas 2024 ke li bay Ayiti 20 milyon ewo èd imanitè, nan moman kote popilasyon an ap soufri anba zak vyolans gang nan peyi a nan mitan yon kriz politik ki te pouse Premye Minis lan anonse demisyon l.
NEW YORK (AP) — Repibliken yo nan Chanm Depite Etazini an ap vanse ak yon pwojè lwa ki ta mande konpayi chinwa ByteDance vann TikTok oswa fè fas a yon entèdiksyon aplikasyon an ozetazini menm lè ansyen Prezidan Donald Trump ap eksprime opozisyon kont efò sa a.
PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Premye-Minis ayisyen Ariel Henry anonse li ap demisyone depi gen yon konsèy prezidansyèl pou fè tranzisyon an.
Òganizasyon Trete Atlantik Nò a, l-OTAN, moute drapo Swèd nan katye jeneral li lendi 11 Mas la pou premye fwa depi peyi a te antre ofisyèlman nan alyans la.
GENEVA (AP) — Biwo dwa moun Nasyonzini an di nan yon rapò ke konstriksyon ak ogmantasyon koloni Izrayelyen nan Sisjòdani ak nan lès Jerizalèm rive nan nivo krim lagè.
MIAMI (AP) — Apre Premye Minis ayisyen Ariel Henry te pran tèt peyi a an 2021 apre asasinay prezidan Jovenel Moise, li te jwenn ak anpil pwotestasyon nan mitan popilasyon an, men tou ak sipò administrasyon Biden la.
Madi 5 mas 2024 la Tribinal Kriminèl Entènasyonal la lanse manda arestasyon pou 2 ansyen ofisye Larisi anba akizasyon pou swadizan zak yo ta komèt nan lagè Ikrèn lan.
WASHINGTON (AP) — Tribinal Kou Siprèm Etazini pwal deside si Trump gen iminite, kidonk pwoteksyon ki anpeche tribinal federal jije li.
CHICAGO (AP) — Yon jij nan Konte Cook deside Konsèy Eleksyon Eta Ilinois dwe retire non ansyen Prezidan Donald Trump sou bilten vòt eleksyon ki gen pou fèt nan eta sila 19 mas ki ap vini.
MOSCOU (AP) — Prezidan Ris Vladimir Putin sèmante pou l akonpli objektif Moskou yo nan Ikrèn epi li avèti Lwès la ke si li ta anvi antre fon nan batay yo nan Ikrèn, sa ka debouche sou yon konfli nikleyè mondyal.
Load more