Òganizasyon Mondyal Lasante avèti ke gen yon gwo ogmantasyon ka lawoujòl nan Afghanistan e ke sa menase lavi ak byennèt plizyè milyon timoun ki deja malnouri.
Chita tande endirèk ant Iran ak Etazini pou sove akò nikleyè Teheran 2015 la avek pwisans mondyal yo rekòmanse madi 8 fevriye a aprè yon poz 10 jou, men anvwaye yo pa bay twòp detay pou konnen si wi ou non yo pi pre pou rezoud divès kesyon difisil yo.
Fabrikan medikaman Pfizer ak patnè li BioNTech ki baze ann Almay gen pou yo mande ajans ki kontwole afè manje ak medikaman nan Etazuni FDA otorizasyon pou vaksen kont COVID-19 yo a pou timoun ki pako gen 5 an.
Nan Washington, yon gwoup Ameriken te pran lari pou fèt Martin Luther King Jr. Moun sa yo ap mande dwa egal ego pou tout Ameriken ka vote nan eleksyon. Marie Luce Pierre gen detay pou VOA Kreyol.
Adult nan Etazini konn gen maladi grip youn ou 2 fwa nan yon lane. Yo konn on ti kras plis ke dezagreyab, men gen nouvo rechèch ki moutre yo ka jwenn proteksyon kont yon virus ki pi danjre