PARIS,(Reuters) - Prezidan fransè a Emmanuel Macron di Vandredi ke li te pale chak jou ak prezidan Nijè a, Mohamed Bazoum, e li te repete ankò sipò Lafrans pou Bazoum, ke jent lan nan Nijè te bay yon koudeta.
Ofisye militè Gabon yo ki te ranvèse Prezidan Ali Bongo kontinye yon konkourouj dèyè manm gouvènman Bongo a ke yo akize de koripsyon.
Anbasad Etazini nan peyi dAyiti ankouraje sitwayen li yo Mèkredi pou yo pati kite peyi a "osito posib".
Jent militè Gabon an nonmen jeneral Brice Oligui Nguema kòm lidè tranzisyon an, dapre sa sòlda yo te di sou televizyon nasyonal la Mèkredi (30 out) la.
NIAMEY, 31 out (Reuters) - Jent militè a ki pran pouvwa a nan Nijè mwa pase a di nan yon deklarasyon ke anbasadè franse a, Sylvain Itte, pa gen iminite diplomatik ankò e lapolis resevwa lòd pou mete l deyò.
Fanmi ayisyen kouri kite zòn Kafou Feuilles nan Pòtoprens madi 15 out la apre plizyè ensidan vyolan nan jou ki pase yo.
Yon timoun 11 an ki viktim yon vyòl te jwenn otorizasyon otorite Pewou yo pou pèmèt li fè dilatasyon pou jete timoun ke li tap pote a, sa ke otorite yo te dabò refize.
Etazini deklare madi 15 out la Larisi ta vyole rezolisyon Nasyonzini si l ta siyen yon akò zam ak Koredinò.
Gouvènman Byelorisi a denonse Lityani mèkredi 16 out la ki fèmen 2 pwen pasaj sou fwontyè ant 2 peyi yo – kòm reyaksyon fas ak prezans konbatan group Wagner sou teritwa l.
Ekonomis Santiago Pena prete sèman madi 15 Out la kòm nouvo prezidan Paragwe, kote li pwomèt pou "konstwi alyans" epi bay ekzanp "yon gouvènman fèm e ki respekte prensip" pou 5 ane li pral pase nan tèt peyi a, apre li te genyen eleksyon nan mwa Avril la.
Kore di Nò di ke Travis King konfese ke li te travèse nan Nò a akòz "move tretman inimen ak diskriminasyon rasyal li te sibi nan Lame Ameriken an," dapre sa ajans nouvèl leta KCNA rapòte Mèkredi 16 Out la, e se premye fwa Pyongyang pale piblikman sou ensidan an.
Load more