KYIV, Ikrèn (AP) — Chèf fòs militè prive Ris Wagner a di ke fòs li yo kòmanse soti nan Bakhmut nan lès Ikrèn epi remèt kontwòl vil la bay lame Ris.
Lapolis ann Espay mete anba kòd 7 moun ke yo sispèk nan krim rayisman rasis kont atakan Real Madrid Vinicius JR.
Minis Zafè Etranje Ris Sergei Lavrov di Mèkredi 24 Me a Lwès la wè Larisi ak Lachin kòm "advèsè" ki poze sa li rele yon menas pou egzistans "dominasyon" yo nan mond la.
TALLINN, Estoni (AP) — Li vin pi difisil pou sitwayen ris yo chape anba sistèm siveyans gouvènman an mete an plas.
Prezidan Etazini Joe Biden di tokay Japonè li Fumio Kishida Jedi 18 me a ke Etazini ak Japon pral "konsidere Larisi kòm responsab" pou envazyon li nan Ikrèn.
Yon bato Ris ki nan mitan gwo diskisyon apre Etazini te akize Afrik Disid kòmkwa li te bay Larisi zam ane pase, ajans nouvèl Reuters moutre video kote li te filme bato sa a 3 fwa ane sa a.
Chanm Depite Etazini an apwouve jedi 11 Me yon lwa Repibliken yo te pwopoze pou bare imigran ak anpeche dwòg ilegal travèse fwontyè sidwès ki separe peyi a ak Meksik.
Yon tribinal nan Kenya refize lage pastè Paul Mackenzie sou kosyon.
Yon jiri kondane Jedi 4 Me a 4 manm gwoup milis ekstrèm dwat Proud Boys pou konplo yo te mare pou atake Kapitòl la nan dat 6 janvye 2021 an, ak tantativ pou te anpeche Kongrè a sètifye viktwa Prezidan Joe Biden nan eleksyon an.
Yon pastè nan peyi Kenya ki te jwenn akizasyon kòmkwa li responsab pou lanmò omwen 100 fidèl li apre li te mande pou yo jene jiskake yo mouri, te parèt devan tribinal madi 2 me 2023 a, pandan ke envestigatè yo toujou ap chèche plis kadav nan yon forè kote li konn fè sèvis kilt yo nan Kenya.
Nan eta Oklahoma lapolis jwenn kadav 7 moun nan yon kay, pami yo 2 adolesan ki te disparèt e ke yo tap cheche, ak yon delenkan seksyèl.
Etazini pral mete ofisye ki resevewa fòmasyon espesyal sou dosye azil nan nouvo sant refijye li tabli nan Gwatemala ak Kolonbi, Sekretè Depatman Sekirite Enteryè Alejandro Mayorkas di repòtè yo jedi 27 Avril la ke Washington ap chèche kreye nouvo chimen legal pou migran yo.
Lidè yon legliz nan lès peyi Kenya jwenn arestasyon li akoz lanmò anpil manm legliz li, e otorite yo evakye 100 fidèl li ki te nan lokal legliz la, dapre sa otorite gouvènman yo di jedi 27 avril la.
Otobis estasyone nan yon lari ki blanch epi rezidan yo ap kouri kite pati sid vil Khartoum, kapital peyi Soudan, pandan gwo batay malouk ap kontinye malgre 2 kan yo te antann pou yo sispann goumen.
Anvwaye espesyal Nasyonzini an nan Soudan te di Madi 24 avril la pa gen okenn siy ke 2 pati yo nan lagè a pare pou fè negosyasyon serye.
Load more