Plizyè douzèn sendikalis k ap pwoteste kont revizyon pansyon ke Prezidan fransè Emmanuel Macron te fè a anvayi pou yon ti tan bilding santral Pari a kote konpayi envèstisman BlackRock ki baze Ozetazini gen yon biwo, pandan yo t ap chante slogan e tire peta nan bilding nan.
Wall Street Journal rapòte Madi 28 mas la ke Adidas mete fen nan asosyasyon li kòm patnè ak Beyoncé nan afè mòd.
Ekip foutbòl Chelsea a afiche yon pèt total ki prèske rive nan $ 149 milyon dola pou ane 2021-2022 a akòz "depans ekstraòdinè ak lajan ke yo pa rantre" apre sanksyon ki te sou ansyen pwopriyetè li Roman Abramovich, se sa klèb chanpyona foutbòl Angle di Lendi (27 mas) la.
2 moun pèdi lavi yo e 29 lòt soti blese lendi 27 mas apre fòs ris yo te tire 2 misil S-300 sou vil Sloviansk, ki o nòdwès Bakhmut, dapre gouvènè rejyon an Pavlo Kyrylenko.
Palmantè ameriken yo pwal vanse pou pi devan ak yon pwojè-lwa ki soulve gwo pawòl anpil, pou entèdi app mobil Tik Tok nan tout peyi a.
Travayè fransè fache pou yon ogmantasyon nan laj pou yon sitwayen kapab pran pansyon e yo bloke aksè nan yon tèminal nan ayewopò Roissy-Charles De Gaulle nan Pari jedi 23 mas nan kad yon jounen manifestasyon ki ap fèt nan tout peyi a, sa ki fòse kèk vwayajè pran pye yo pou ale nan ayewopò a.
Palman an nan peyi la Syèd Mèkredi (22 Mas) la fòmèlman apwouve pwojè-lwa ki pou pèmèt peyi a rantre nan Òganizasyon Trete Nò Atlantik la. Yap kapab antre nan alyans la apre lè aplikasyon an ta jwenn ratifikasyon tout 30 manm LOTAN yo, yon pwosesis ki toujou ap ret tann pou ale nan dènye etap li.
Load more