Yon tribinal federal nan eta Florid pibliye Vandredi 26 Out, affidavit FBI te sèvi pou jistifye fouy lakay ansyen Prezidan Donald Trump la, kote yo te rekipete plizye bwèt dokiman sekrè ak top sekrè. Sandra Lemaire gen detay pou VOA Kreyol. Video: Reuters.
Depatman Jistis Etazini respekte dat limit Jij Bruce Reinhart te fikse pou'l remèt ba li vèsyon pa li de affidavit pou jistifye desantdelye kay ansyen prezidan Donald Trump la ki kache enfomasyon li vle pou rete sekrè. Sandra Lemaire gen detay pou VOA Kreyol.
Men yon kont randi dènye devlopman yo nan lagè ant Larisi ak Ikrèn jodia. Sandra Lemaire gen detay pou VOA Kreyol.
Vedet Jennifer Lopez ak Ben Affleck marye ankò pandan wiken nan men fwa sa a sete devan fanmi ak zanmi. Sandra Lemaire gen detay pou VOA Kreyòl.
Depatman Sekirite Nasyonal Etazini montre jounalis nan Miami yon seri zam yo sezi ki te gen kom destinasyon peyi d'Ayiti. Sandra Lemaire ap ba nou detay sou konferans de pres ki fet jodia pou anonse kek nouvo mezi yo anvizaje pran pou kwape trafik zam ak Ayiti.
Aktris Anne Heche mouri nan Los Angeles, Vandredi 12 Out, apre yo etenn aparey ki te kenbe'l vivan. Sandra Lemaire gen detay pou VOA Kreyol.
Direktè FBI la gen pawòl piman bouk pou patizan Prezidan Donald Trump ki ap sèvi ak retorik vyolan apre desantdelye ajan yo fè lakay ansyen prezidan an nan Mar-a-Lago, ki se rezidans li nan Palm Beach, Florid. Sandra Lemaire gen detay.
Lide la Chanm de Reprezantan Nancy Pelosi rive Kore di Sid Mekredi apre yon vizit nan Taiwan ki te soulve kole la Chin. Sandra Lemaire ap ba nou kont randi vizit la, epi dinou ki rankont Pelosi anvizaje nan Seoul.
Ekspe Chinwa Ameriken fe analiz vizit Lide La Chanm de Reprezantan Nancy Pelosi fe nan Taiwan ak jan kominote Chinwaz la Ozetazini reyaji ak vizit sa a.
Lide la Chanm de Reprezantan Etazini Nancy Pelosi ap vizite Sengapour nan kad yon vire won 2 jou lap fe ann Azi, ki soulve kole La Chin akoz posibilite pou'l pase Taiwan.
Seri televize sineyas Ayisyen Robenson Lauvince la, Loyal-T ap fè gran debu li sou platfom Amazon Prime la 31 Jiyè. VOA Kreyol te asiste gran premyè seri televize a nan mwad Desanm nan nan Miami kote nou te pale ak vedèt ki jwe ladann. Sandra Lemaire ak Jeanty Augustin Junior te sou tapi nwa a.
17 migran ayisyen mouri, 25 sove e plizyè lòt disparèt apre yon bato ki t ap transpòte yon gwoup migran ayisyen te koule nan lanmè tou pre Bahamas. Sandra Lemaire di nou otorite Bahamas yo deja arete 2 moun an koneksyon ak sa yo sispèk kòm yon operasyon trafik moun ant Bahamas ak Etazini.
Load more