Premyè dam Amerikèn nan tanmen vire won li nan Amerik Latin nan ak yon eskal nan peyi Ekwatè. Sandra Lemaire gen detay pou VOA Kreyol.
Anbasdè Ayisyen nan Washington, Bocchit Edmond, prezide komemorasyon Fèt Drapo a kote li te devwale yon seri nouvo skilpti ki rann omaj ak ewo endepandans Ayiti. Sandra Lemaire ak Jacquelin Belizaire te sou plas pou VOA Kreyol.
Gad Kot Ameriken sispann chache viktim yon aksidan bato ki tap transpote migran Ayisyen ki fet tou pre Potoriko. Sandra Lemaire gen detay.
Etazini pare pou fe fas ak ogmantasyon kantite migran ki pral travese frontye a apre anilasyon Tit 42. Sandra Lemaire gen detay sou deklarasyon Sekretè Sekirite Nasyonal la fè sou frontyè a.
Prezidan Joe Biden ak madanm ni, premyè dam Jill Biden vwayaje al Buffalo nan eta Nouyok jodia, pou rankontre fanmi viktim fiziyad ki te lakoz 10 nwa pèdi lavi yo. Sandra Lemaire gen detay pou VOA Kreyol.
Nan kad yon vizit ke Sekretè Sekirite Nasyonal Ameriken an, Alejandro Mayorkas, ap fè sou fwontyè Etazini genyen ak Meksik la, li te rankontre madi 17 me ak ajan patwouy ki sou fwontyè a.
Vis Prezidan Etazini Kamala Harris fe yon rankont vityel ak lide peyi Karayib yo pou diskite sou kestyon tankou ensekirite, chanjman klimatik ak pandemi kowonaviris la. Pou VOA Kreyol, Sandra Lemaire pral do nou plis.
Reyaksyon komanse tonbe apre nouvel ki fe konnen PDG Tesla a, Elon Musk, ki se neg pi rich nan mond lan, sot achte Twitter pou $44 milya. Men sa moun ap di. Repotaj - Sandra Lemaire pou VOA Kreyol.
Jounalis VOA Kreyol Yvon Vilius pale ak yon boulanje ak yon machann pate kode ki di konfli ant La Risi ak Ikrèn nan lakoz pri farin yo itilize pou fè pen ak pate pou vann bay anpil traka.
Se sè atis la yo ki oganize nouvo ekspozisyon atis-pent Jean-Michel Basquiat nan Nouyòk, pou bay vizitè yo yon pèspektiv pèsonèl moun poko janm wè anvan, de lavi ak zèv misye, ki gen orijin Ayisyèn. Sandra Lemaire ap di nou plis pou VOA Kreyòl. Video: AP
Yon ti koze ak vedèt pop Kanadyen Shawn Mendes ki kase ak yon fi li te renmen anpil anpil sa pa gen lontan, e ki sèvi ak kè kase sa a kom enspirasyon pou nouvo hit li a "When You're Gone" (Lè ou ale). Pou VOA Kreyol, Sandra Lemaire di nou Shawn ap pare pou tanmen yon vire won mondyal - e li paka tann.
Load more