Nan Peken, kapital Lachin, otorite yo fèmen anviwon 12 estasyon tren nan kad efò y ap fè pou yo anpeche maladi KOVID-19 la gayenan vil la. Yo anonse mèkredi y ap fèmen plis pase 40 estasyon tren, sa ki reprezante 10% sistèm metwo a, epi otobis ki kouvri 100 sikui pral sispann travay.
Larisi rekòmanse bonbade vil Mariupol ke sòlda l yo antoure nan pati sid Ikrèn e kote 200 sivil rete bloke nan izin asye Azovstal la, menm nan moman Nasyon Zini di 101 moun rive pati kite anplasman an an tout sekirite.
Washington - Envazyon Larisi a nan Ikrèn koze tou yon lòt viktim: Se libète laprès nan Larisi, daprè yon nouvo rapò Repòtè San Fwontyè (RSF).
Germine Joly alyas "Yonyon" te ekstrade Ozetazini madi 3 me 2022 sa a nan yon avyon espesyal FBI apre yon demann asistans legal mityèl otorite jidisyè Ameriken yo te fè nan dat 22 avril la.
Minis enèji peyi-manm Inyon Ewòp la (IE) pral rankontre lendi nan Briksèl, nan Bèljik, nan moman Larisi menase pou l kontinye koupe livrezon gaz natirel li pou plis peyi.
Vis-minis afè etranjè Ikren nan, Emine Dzhaporova, fè konnen lis krim de gè twoup militè Larisi yo komèt nan peyi li ap ogmante chak jou e li enpòtan pou koupab yo rann kont.
Prezidan ameriken an, Joe Biden, mande Kongrè a jedi pou l apwouve yon lòt asistans 33 milya dola pou Ikrèn pou ede peyi sa a reziste kont envazyon lame ris la. Nouvo èd sa a ta dwe kouvri 5 pwochen mwa yo. Nan yon mesaj Biden prezante nan La Mezon Blanch, li deklare:
Load more