"Nou pa vle ni Ameriken ni Danwa, nou se Gwoennlandè," se sa Premye Minis Múte B. Egede te di mèkredi kòm repons sou nouvo deklarasyon Donald Trump sou anvi li pou Etazini anekse teritwa otonòm dànwa a.
Nan diskou prezidan Donald Trump devan Kongrè a kote politik etranjè a tap domine, li reyafime objektif li, pou l agrandi Etazini, espesyalman Greenland, ke li gen entansyon rekipere kelke swa "fason",
Premye minis polonè a, Donald Tusk, te di madi blokaj Etazini sou èd militè pou Kyèv la vizib nan sant lojistik peyi a, kote yo transfere zam ak èd imanitè pou vwazen yo, Ikrèn.
Jwenn garanti sekirite ameriken gen "yon enpòtans egzistansyèl" pou Kyèv, men tou pou Inyon Ewopeyèn nan, se sa Premye minis ikrenyen an, Denys Shmyhal, te fè konnen madi, pandan Mezon Blanch te anonse sispansyon èd militè li bay Ikrèn.
WÒM (AP) — Vatikan di Pap Franswa estabilize ase, apre de kriz respiratwa, pou l ka rekòmanse itilize yon tib nan nen l pou oksijèn olye yon mask vantilasyon. Pap la, ki gen 88 lane, gen nemoni epi li te pèdi yon pati nan youn nan poumon li, lè li te jèn.
Apre 16 jounen, entènasyonal ayisyèn Melchie Daelle Dumornay, k ap jwe nan ekip Lyon an, se 2èm pi bon bitez nan chanpyona Lafrans la avèk 13 gòl. Se premye fwa Grenadyè a pwolifik konsa apre 16 jounen.
LOND (AP) — Premye Minis Britanik la, Keir Starmer, mande lidè Ewopeyen yo pou yo mete plis sekirite sou fwontyè yo epi bay Ikrèn tout sipò nesesè pandan li anonse yon plan pou mete fen nan lagè Larisi ap mennen an.
TORONTO (AP) — Premye Minis kanadyen an, Justin Trudeau, ap rankontre ak Wa Charles III lendi, kote li gen entansyon diskite sou menas prezidan ameriken an, Donald Trump, fè pou l fè Kanada tounen 51yèm eta ameriken.
Lidè ewopeyen yo te reyini nan Lond dimanch 2 mas 2025 pou diskite sou lagè ant Ikrèn ak Larisi.
Load more