Wayòm Ini pwomèt Lendi pou fasilite kondisyon pou akeyi plis Ikrenyen ak fanmi yo nan peyi li, men li pa "dakò baryè lib" pou tout refijye ki ap kouri kite peyi Ikrèn.
Lendi nan yon konvèsasyon nan telefòn Prezidan Ris la Vladimir Putin mande tokay franse li Emmanuel Macron pou peyi l'Oksidan yo rekonèt Krime kòm teritwa Ris, epi "denazifikasyon" gouvènman Ikrenyen an.
Kadinal Pietro Parolin ki se nimewo 2 Vatikan an, deklare nan yon entèvyou ke Vatikan pare pou ede" nan negosyasyon ki genyen ant Larisi ak Ikrèn".
Nan yon deklarasyon ofisyèl li fè apre envazyon Larisi a nan Ikrèn, Kore di Nò deklare ke Etazini se "kòz rasin kriz Ikrenyen an".
La Chin konseye sitwayen li yo nan Ikrèn pou montre drapo chinwa a pou sekirite yo.
Youn nan prensipal konpayi avyon Ris yo, S7 Airlines, anonse Vandredi ke li ap sispann tout vòl li yo nan ki te nan direksyon Ewòp la akòz peyi espas aeryen yo nan peyi Polòy ak Repiblik Tchekoslovaki fèmen.
Prezidan Larisi a, Vladimir Putin, mande militè Ikrenyen yo pou yo"sezi pouvwa a" nan Kyèv, retire pouvwa a nan men Prezidan Volodymyr Zelensky ak tout antouraj li.
Prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky regrèt Vandredi ke tout peyi yo kite Kyèv pou kont li pou batay avek fòs militè a. Li te deklare "nou pou kont nou " kont lame Ris la ki anvayi Ikrèn.
Air France deside redwi vol avyon li yo ant Moskou ak ayewopò Charles de Gaulle nan vil Paris. Yo te konn fè 12 vòl chak semèn kounyea yo redwi ak 7 pa semèn.
Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau anonse Jedi, ke Kanada deside sanksyone "58 moun ak antite Ris" an repons ak operasyon militè Ris yo fè nan Ikrèn.
Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres, te anonse jedi a, ke Nasyonzini debloke $20 milyon pou èd imanitè dijans pou peyi Ikrèn ak peyi vwazen li yo. Li mande Prezidan Ris la Vladimir Putin ankò pou l sispann atak militè li a nan peyi Ikrèn.
La Risi lanse yon atak militè nan peyi Ikrèn Jedi, kote gen omwens 50 moun ki deja pèdi lavi yo nan atak sila. Mache de chanj yo te tonbe tout kote nan mond lan.
La Risi fè yon atak militè nan peyi Ikrèn, apre ke Vladimir Putin te anonse yon "operasyon militè" pou defann separatis Pro Ris yo nan lès peyi a.
Kiba mande Lèzetazini ak Òganizasyon Trete Nò Atlantik la pou garanti sekirite alye li. Li di ke Larisi "gen dwa pou defann tèt li kont menas Ikrèn ki vle antre nan l'OTAN".
Doktè Ameriken Paul Farmer, ke tout moun rekonèt pou travay imanitè ke li fè nan peyi sou devlope yo, mouri Lendi nan Rwanda, dapre sa yon òganizasyon li ki baze nan Boston te anonse laprès.
Donald Trump kritike fason siksesè li Joe Biden ap jere kriz Larisi ak Ikrèn lan, li fè lwanj pou relasyon pwòch li te genyen ak Vladimir Putin epi asire prezidan Ris la "pa tap janm" aji konsa sou administrasyon li a.
Prezidan Ris Vladimir Putin te mande chanm sena ris la pou otorize li deplwaye sòlda Ris nan Ikrèn pou al sipòte separatis pro-Ris yo ki nan lès peyi Ikrèn.
Lame Ris la deklare Lendi ke yo touye 5 "sabotè" ki soti nan peyi Ikrèn ki te sou teritwa Ris la, nan 2 machin militè Ikrenyen ki te travèse fwontyè a, epi antre sou teritwa Ris la.
Load more