Plizyè medya Ameriken deklare ke Etazini jwenn enfòmasyon ke otorite Ris yo bay kòmandman Ris yo lòd pou yo anvayi Ikrèn.
Nouvo rezo sosyal Donald Trump la, kòmanse disponib sou entènèt pou itilizatè yo li ap "konplètman operasyonèl" nan fen mwa mas la.
Divès sous lokal di AFP ke yon gwoup ki afilye ak òganizasyon Eta Islamik la te touye anviwon 40 sivil malyen semèn sa nan mali.
Biwo avoka gouvènman an nan Milan pibliye yon manda entènasyonal pou arestasyon jwè foutbòl brezilyen Robinho e mande ekstradisyon li, lajitis kondane li pou li pase 9 ane nan prizon pou vyòl.
Etazini anonse Jedi ke li te resevwa yon repons ekri nan men Larisi sou pwopozisyon, negosyasyon li sou dosye sekirite nan peyi Ewòp yo, epi tou yo te pale kòman yo ka desann tansyon ki ki egziste alantou Ikrèn.
Lèzetazini akize Larisi deske l ap chèche on "pretèks" pou atake Ikrèn, e yo denonse an patikilye akizasyon ke Vladimir Putin fè kote li di gen "jenosid" ki fèt sou teritwa pwo-Ris yo nan Ikrèn.
Prezidan Ris Vladimir Putin resevwa tokay brezilyen li a Jair Bolsonaro nan Moskou pou yon chita pale.
Google, ap eseye swiv menm egzanp ak Apple, lè li te anonse ke li menm tou vle bati yon nouvo sistèm pou telefòn ak tablèt Android, pou limite enfòmasyon ki pataje ant aplikasyon yo.
'Lamò pou Joe Biden': Plizyè milye moun te mache nan plizyè vil nan peyi Afganistan jodi Madi a pou pwoteste kont desizyon prezidan Ameriken an te pran pou sezi $3,5 milya nan rezèv bank santral Afganistan an, yon fason pou konpanse viktim atak 11 septanm 2001.
Chanselye alman Olaf Scholz te refize soumèt tèt li pou fè yon tès anti-COVID lè li te rive nan Moskou avan chita pale li ak Prezidan Vladimir Putin.
Yon konseye vil Otawa a anonse sou Twitter ke Chèf polis la Peter Sloly demisyone nan pòs li, apre 19yèm jou kote manifestan yo te okipe sant vil kapital federal Kanada a, manifestan yo te mande gouvènman an mezi sanitè COVID-19 yo.
Yon otorite wo-plase lapolis nan Nijerya, ke yo te sispann nan fonksyon li ane pase kòm sispèk pou swa-dizan wòl li nan yon trafik dwòg entènasyonal, jwenn arestasyon l, dapre sa lapolis anonse lendi swa.
Lajistis nan peyi Mawòk kondane yon pwofesè ak santans yon lane antye nan prizon pou "nwizans seksyèl" sou yon etidyant li nan yon epòk kote gen yon pakèt eskandal kote pwofesè ap fè chantaj sou etidyan nan inivèsite yo, se sa pati akizasyon an di nan pwosè a.
On lòt fwa akò administrasyon Biden lan lanse yon apèl, li di ke Larisi ka atake Ikrèn "nenpòt ki lè", deklarasyon sa fèt on jou apre Joe Biden te pale ak Vladimir Putin.
Ministè Defans Kanadyen an te anonse dimanch ke Kanada deside "deplase tanporèman" kèk nan pèsonèl militè li yo ki estasyone nan peyi Ikrèn, e li voye nan yon lòt peyi nan Ewòp la, desisyon sa pran akòz sitiyasyon ki genyen ant Larisi ak Ikrèn.
Load more