Jij Pwogresis Stephen Breyer pral kite pòs li nan Kou Siprèm Etazini an ane sa, sa ki pral pèmèt Joe Biden nonmen, pou premye fwa, yon fanm nwa nan enstitisyon sila.
Jeyan fabrikan medikaman Pfizer ak patnè alman li BioNTech, anonse jodi-a yo tanmen yon esè klinik pou yon nouvo vaksen kont COVID-19 ki vize espesyalman pwoteje moun kont varyan omicron an.
Sekretè Deta adjwen Ameriken Wendy Sherman deklare Mèkredi, Etazini panse ke La Risi kapab "itilize fòs militè" kont Ikrèn "petèt" nan mitan mwa fevriye a.
Yon moun peyi Irland ki te refize mete mask abò yon vòl Dublin-New York tonbe anba akizasyon pou "agresyon" ak "kraponnay" daprezavwa li te antwòt moutre dèyè l an piblik, yon "krim" ki ka fè l jwenn jiska 20 lane prizon, se sa lajis Etazini anonse vandredi ki sot pase a.
Kore di Nò te fè yon tès kote yo te lanse sa ki sanble ak 2 misil kwazyè Madi maten, dapre sa Seoul deklare, sa pote a senk kantite tès Pyongyang fe mwa sa a pandan li pa okipe ditou òf dyalòg ak sanksyon.
Larisi mete non prensipal advèsè li Alexei Navalny sou lis "teworis ak ekstremis".
Yon gwo ofisyèl LaMezon Blanch deklare ke Lèzetazini pare, nan ka si Larisi fè yon atak sou Ikrèn, pou yo entèdi ekspòtasyon tout sak ki gen rapò ak teknoloji Ameriken nan Larisi.
Apre sòlda rebèl te pran kontwòl plizyè kazèn nan Burkina Faso, manifestan yo mete dife nan kawotchou pou bloke lari yo nan kapital la, epi mete dife nan katye jeneral pati prezidansyèl la, Mouvman Pèp la pou Pwogrè (MPP).
Lajistis nan plizyè eta nan peyi Etazini te rele Google lajistis Lendi, epi yo akize konpayi an ke lap fè koleksyon done jeolokalizasyon nan men itilizatè li yo malgre yo refize bay Google aksè, konpayi a demanti chaj sila .
Lendi Sòlda Rebèl yo arete Prezidan Burkina Faso a Roch Marc Christian Kaboré e yo te kenbe l nan yon kazèn nan Ouagadougou.
Yo "asasinen" jounalis la dimanch nan Tijuana. Se dezyèm fwa, yo asasine yon jounalis nan yon semèn nan vil Tijuana ki nan nòdwès Meksik sou fwontyè ak Etazini.
Etazini enpoze sanksyon sou 4 moun Ikrèn ki anba akizasyon kòmkwa yo travay ak sèvis sekrè LaRisi (FSB), pami yo 2 depite ki sou manda yo, e li pale de aktivite yo pou destabilize Ikrèn.
Palman an Ewopeyen an nan mande eta manm li yo pou pran sanksyon kont Chèf Egzekitif Hong Kong Carrie Lam ak sèt lòt politisyen, ki gen ladan plizyè manm nan Pati Kominis Chinwa a, pou responsablite yo pou deblozay ki fet nan teritwa Hong Kong a.
Genyen yon gwo bout chimen pou ki fè ankò anvan nou jwenn bout pandemi COVID-19 a travè lemond. Sa se avètisman direktè Oganizasyon Mondyal Lasante a , Dr Tedros Adhanom Ghebreyesus
Operatè mobil Ameriken AT&T te anonse madi ke yap retade deplwaman 5G a alantou "sèten ayewopò" nan peyi Etazini pou evite potansyèl "dezòd" aktè transpò yo ke teknoloji 5G a ka koze.
Emirates, konpayi avyon ki soti Dubai sispann tout vòl li genyen ki te konn vin Etazini, paske teknoloji 5G a ba yo anpil kè sote dapre yo 5G ka afekte operasyon avyon yo.
Yon sous ofisyèl nan Lamezonblanch anonse mèkredi ke Administrasyon Biden la pral distribye 400 milyon mask FFP2 gratis.
Sekretè d'Eta Antony Blinken nan wout pou ale Ikrèn kote li pral fè chita tande avek prezidan peyi a pandan gen krent kap kontinye ke Larisi ap planifye pou l anvayi vwazen ni.
Lajistis kondane yon boksè a mò nan peyi Iran pou wòl li nan manifestasyon ki te fet nan ane 2019 yo, dapre sa ONG dwa moun di Lendi.
Lèzetazini te mande Kore di Nò lendi pou l "sispann aktivite ilegal ak destabilizasyon li yo," apre Pyongang te tire 2 misil balistik, yon pòtpawòl Depatman d'Eta te di.
Load more