Fòs sekirite ameriken yo t ap mennen negosyasyon yo ak yon nonm ki te pran plizyè moun an otaj nan yon sinagòg nan Colleyville, yon vil nan etaTexas, dapre di otorite yo li se "frè" yon fanm pakistanè ki te kondane pou zak teworis. .
Yon kokenn atak sou entènèt frape Ikrèn, e Kyèv avèti sitwayen li yo "pou yo atann pi mal toujou", pandan LaRisi ki gonfle 100-mil solda sou fwontyè ak vwazen li, pibliye jodi a imaj sou televizyon ki moutre li deplwaye plis fòs nan kad yon ekzèsis militè.
Yon pwofesè inivèsite nan peyi Mawòk, ke lajistis ap pouswiv poutèt li ta fè chantaj seksyèl sou medam etidyan yo pou ba yo bon nòt, jwenn 2 lane prizon san wete san mete, dapre sa medya lokal yo rapòte mèkredi swa.
Ostrali anile viza nimewo 1 mondyal tenis maskilen an Novak Djokovic on lot fwa ankò Vandredi
Jedi, Kou Siprèm Etazini an te bloke desizyon Prezidan Joe Biden pran kote li te vle fòse tout konpayi ki gen plis pase 100 anplwaye pran vaksen COVID-19 lan.
Sekretè Jeneral Antonio Guterres te anonse manm Asanble Jeneral la madi, ke 8 eta, ki gen ladan Iran, Soudan ak Venezyela, pèdi dwa yo pou vote nan Nasyonzini akòz twòp dèt yo genyen pou òganizasyon an.
Omwen 18 moun te mouri e plizyè douzèn kay te pran dife nan atak sou yon vilaj nan rejyon santral Nijerya, dapre yon rezidan ak chèf yon asosyasyon lokal.
Gouvènman Nijerya te anonse ke yo leve sispansyon Twitter sou teritwa a apre plis pase 7 mwa kote otorite nan peyi a te bloke rezo sosyal Ameriken an.
Inyon Ewopeyèn te anonse nan Lendi ke li te sanksyone 7 nouvo manm nan rejim Nikaragwa a, ki gen ladan 2 pitit Daniel Ortega, ak 3 lot otorite, pou responsablite yo pou prezime "vyolasyon dwa moun" nan peyi Amerik Santral la.
Lèzetazini apwouve liberasyon senk lòt prizonye nan prizon militè Guantanamo a , kote gen 39 prizonye kom prezime konplis gwoup teworis tankou Al-Qaeda, dapre yon dokiman ofisyèl Pentagòn te pibliye.
Apeprè 400 ekzekisyon fèt san jijman nan Repiblik Demokratik Kongo (RDC) an Novanm ane pase, pami yo plis pase 10 % anba men fòs sekirite yo, e lòt yo se ta travay gwoup ame, dapre yon rapò ke l-ONU piblike mèkredi.
Mèkredi, Lèzetazini te enpoze sanksyon finansye sou senk Nò-Koreyen ki asosye ak pwogram zam nikleyè Pyongyang lan, apre dènye lansman misil balistik li yo.
Youn nan chef relijye ki pi wo-plase nan Senegal deklare vandredi 7 Janvye 2022 l ap ankouraje tout demach legal kont omoseksyalite, kidonk kesyon gason makonmè a, apre palman an fin rejte yon tèks ki mande plis represyon nan domèn nan, nan yon peyi ki gen yon kokenn majorite (95 pousan) mizilman.
Kou Siprèm Etazini an ap pale jodi madi sou detansyon plizyè imigran depi plizyè mwa, yon sijè ki mete administrasyon Demokrat Joe Biden lan an difikilte ak defansè imigran yo.
"Bal t ap chante": se pawòl sèl moun ki resi chape nan atak kote 2 jounalis ayisyen pèdi lavi yo anba men yon gang nan alatou Potoprens. Wilmann Vil fèmen kò l yon kote, paske li pè pou l pa tonbe ankò anba men rezo bann kriminèl ke moun pa menm konnen ke yo ekziste.
Depatman Trezò Ameriken an te anonse Lendi sanksyon kont sis gwo ofisyèl Nikaragwa, Pami ofisyèl sa yo gen ladan l minis defans la, otorite Ameriken yo denonse eleksyon ki te fèt an Novanm 2021 yo kote Prezidan Daniel Ortega ki genyen eleksyon demokratik yo retounen sou pouvwa a.
Dapre yon sous jidisyè lajistis pral jije ansyen Prezidan Pewouvyen an Ollanta Humala ak madanm li Nadine Heredia 21 fevriye pou koripsyon.
Omwen 140 moun te pèdi lavi yo nan plizyè atak ki te fèt semèn sa nan eta Zamfara nan nòdwès peyi Nijerya, yon rejyon riral kote gwoup nèg ame yo ap teworize popilasyon an.
Nan yon sesyon vityèl nan ansyen Asanble Nasyonal la yo te pran yon vòt pou pwolonje manda Guaido pou on lòt ane. Juan Guaido ki otoproklame tèt li prezidan Venezyela e li te deklare "Pouvwa a pap pran vakans".
Gouvènman peyi a deklare ke gen plis moun ki mouri nan mond lan parapò ak popilasyon yo ke anviwon 98,000 timoun nan Pewou òfelen akoz pandemi COVID-19 la.
Load more