Disodado Cabello, yon palmantè ki konsidere kòm nimewo 2 nan rejim Venezyelyen an, te lage yon avi rechèch dèyè Juan Guaido epi mande prizon pou opozan Prezidan Nicolas Maduro a.
Konsèy Sekirite Nasyonzini an pral reyini Lendi pou diskite sou misil Kore di Nò te lanse Mèkredi a, Pyongyang deklare ke misil la te ipèsonik.
Jijman 5 ansyen paramilitè nan Gwatemala pou kadejak ke lajistis ap pouswiv pou vyolans seksyèl nan ane 1980 yo sou 36 fanm endijèn Maya pandan konfli ame 1960-1996 la tanmen mèkredi 5 Janvye nan kapital la.
Taliban yo te bay lòd pou machann rad nan lwès Afganistan, pou yo wete tèt mannken yo nan magazen yo, ke yo konsidere kòm yon bagay ki vyole lwa Islamik la.
Gouvènman an te anonse Mèkredi, ke plis pase 3,000 lekòl ki akeyi anviwon 511,000 elèv te fèmen pòt yo akòz vyolans jihadist nan rejyon an.
Angajman ak lòt manm pèmanan Konsèy Sekirite Nasyonzini an pou rejte nenpòt "lagè nikleyè", Peken te mande Washington ak Moskou pou redwi asenal yo epi li te deklare ke li ta kontinye "modènize" pwòp pa yo.
Gang an Ayiti touye 2 jounalis ayisyen Jedi ki t ap fè repotaj nan yon katye nan kapital peyi a.
Dapre sa medya lokal yo rapòte, lajistis nan peyi Tinizi deside jije 19 politisyen, ki gen ladan Chèf Palman Rached Ghannouchi, ak ansyen prezidan Moncef Marzouki pou krim elektoral.
Pwogrè diplomatik ak La Risi ap "difisil" si Moskou kenbe yon revòlvè bò letanp ikrèn e si li pa pran angajman pou kalme tansyon an, se sa Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken deklare ayè mèkredi 5 Janvye a.
Mèkredi, Etazini di li kondane lansman misil balistik ke Kore di Nò fè a, e yo mande Pyongyang pou yon chita pale.
Sony prezante yon nouvo pwototip machin elektrik sou pwojè "Vision S" la Madi.
Nan moman mond lan kontinye ap lite kont propagasyon rapid varyan omicron an ak varyan delta a ki toujou ap bay traka, chèchè yo nan peyi la Frans di yo dekouvri yon nouvo varyan.
Konpayi ayeryen ameriken yo, te menase pou trennen rezo telekominikasyon AT&T ak Verizon devan lajistis pou mande yo retade deplwaman teknoloji 5G a. Lendi swa yo te rive jwenn yon akò pou deplwaye li 19 janvye.
Yon mizajou sou dènye devlopman sou pandemi COVID-19 la atravè mond lan.
Premye minis ayisyen an, Ariel Henry, denonse, nan yon entèvyou li bay AFP lendi, yon tantativ asasina kont li, pandan selebrasyon 218è anivèsè endepandans la ki te òganize samdi nan vil Gonayiv.
Premye Minis Soudan an, Abdallah Hamdok demisyone mwens pase 2 mwa apre li te fin enstale nan pozisyon an nan kad yon akò politik ki te siyen avek lame peyi a.
Prezidan brezilyen Jair Bolsonaro, kòmanse ap resevwa swen dijans nan yon lopital jodi a.
Lachin akize Etazini dèske li mete sekirite astwonòt li yo an danje apre 2 satelit milyadè Elon Musk te manke fè kolizyon ak estasyon espasyal li a.
Taiwan deklare ke Nikaragwa te "sezi" anbasad li a, e ke lap planifye pou transfere li bay Lachin, Otorite nan Taiwan menase ansyen alye li a ke lap mennen li devan lajistis.
Plis pase on douzèn ponpye tap goumen ak yon dife vyolan ki te detwi yon pati enpòtan nan Palman Sid Afriken an nan vil Cape Town. Yo te rive arete yon sispèk.
Load more