3 fanm nan peyi Salvadò ki te pran prizon apre yo te fè operasyon ann ijans pandan yo te ansent e ke lajistis te pouswiv daprezavwa yo ta fè dilatasyon, rejwenn libète yo apre te fin pase plizyè lane nan prizon, akoz lwa sevè kont dilatasyon nan peyi Amerik Santral la.
Mèkredi, regilatè dwòg Meksiken an otorize itilizasyon d'ijans vaksen Kiben Abdala a kont COVID-19, otorite yo te di.
Misyon Nasyonzini nan Repiblik Afrik Santral (Minusca) deklare ke "Twa sòlda Bangladèch te blese Vandredi, de ladan yo grav, nan yon eksplozyon yon min pandan machin yo t ap pase nan direksyon nòdwès peyi Repiblik Santral Afriken an, pandan yon batay ant rebèl yo ak fòs lame a".
Vladimir Putin te di Vandredi ke li te defann enterè Larisi pandan ane 2021 an, yon ane ki te make pa tansyon ak Etazini, lè li te salye sitwayen parèy li yo pou Nouvèl Ane a.
Lachin relouvri anbasad li nan Nikaragwa, twa semèn apre li te retabli relasyon diplomatik li avek Nikaragwa ki te koupe depi nan ane 1990.
Lajistis nan peyi Lafrans pral mennen ankèt sou lanmò yon koup fransè, ki te mouri anba bal an 2019 nan Pòtoprens, kote yo te fèk rive pou yon dosye adopsyon.
Ane 2021 an nan dis dosye, kòmanse nan emisyon CO2 pou nou rive nan rivalite ant Messi ak Ronaldo
55 moun teste pozitif pou COVID-19 abò yon bato kwazyè Royal Caribbean International ki te kite eta Florid la nan Samdi.
Kongrè Pewouvyen an anonse ke se sèlman depite ak anplwaye ki te resevwa omwen de dòz vaksen COVID-19 la ki pral kapab jwenn aksè nan Kongrè a, yon fason pou yo limite enfeksyon kont variant Omicron an.
Ansyen Prezidan Ameriken Donald Trump anonse ke li pral fè yon konferans pou laprès 6 janvye, dat premye anivèsè atak sou syèj Kongrè Ameriken an.
Minis Edikasyon Libyen al nan prizon nan kad yon ankèt sou yon mank liv nan lekòl yo, kote mank liv la deranje anpil sèvis lekòl yo.
Minis afè etranjè Kiba-a, Bruno Rodriguez, kalifye vandredi 17 Desanm 2021 an kòm "politik raz" e kòm "opòtinis" desizyon Etazini pou l kenbe Kiba kòm peyi ke l ap etidye pou konnen si leta sipòte teworis.
Some European countries reimposing restrictions reminiscent of closures at the height of the 2019 coronavirus outbreak
Vandredi nan yon tribinal militè, yo te kondane de rapè yo pou yo pase 10 zan nan prizon paske yo te kritike chèf leta a avek lame peyi a, nan yon chante kote yo te repwoche prezidan Félix Tshisekedi ansanm avek lame peyi a, paske yo te pwomèt ke yo tap mete yon fen nan vyolans yo nan lès peyi a.
Palman Nikaragwa a te anile akò komèsyal peyi a ak Taywan, apre yo te koupe tout lyen diplomatik ak zile a.
Gen nouvèl sou prezans gwoup Wagner a nan Ikrèn, nan Siri e nan Repiblik Santrafrik.
Larisi deplwaye plizyè dizèn milye solda sou fwontyè li pataje ak Ikrèn nan.
Yon jij nan Kou Siprèm peyi Brezil deside samdi a pou-l mete obligasyon pou vwayajè k ap antre nan peyi a prezante yon sètifika vaksinasyon kont Covid-19, pou evite gaye nan peyi a varyan Omicron nan.
Yon konpayi kabiran nan Dannmark ansanm ak prezidan Direktè Jeneral li jwenn kondanasyon
Madi, pandan yon vizit nan vil Jakarta, chèf diplomasi Ameriken an, Antony Blinken, mande Lachin pou l sispann "zak agresif" li yo nan rejyon Indo-Pasifik la. Washington espere ranfòse alyans li yo kont Peken.
Load more