Pedro Brolo ki se Minis Afè Etranjè peyi Gwatemala, te anonse ke Gwatemala pral deklare twa jou dèy apre lanmò 55 imigran ilegal nan peyi Meksik, Majorite migran ki te viktim nan aksidan kamyon an soti nan peyi Gwatemala.
Samdi 11 desanm 2021 an, Peken te di li konsidere demokrasi amerikèn nan kòm "yon zam destriktion masif". Lachin fè deklarasyon sa a apre prezidan ameriken an, Joe Biden, te òganize yon somè sou demokrasi ki te rasanble lidè plizyè peyi nan lemond.
Mesye Ramaphosa ki gen 69 lane, te kòmanse santi yon 'malèz' apre li te kite yon seremoni ofisyèl la nan Cape Town. Li te teste pozitif pou Kovid-19 malgre li vaksinen
Samuel Eto'o ansyen sipèsta foutbòl Afriken an, eli prezidan Federasyon foutbòl Kamewoun nan Samdi.
Vandredi otorite nan peyi Gwatemala te ekstade dezyèm pitit gason ansyen prezidan panameyen Ricardo Martinelli ki te sou pouvwa nan ane (2009-2014), e yo te remet li bay lajistis Amerikèn ki tap chèche li tankou pate cho.
Otorite nan Liberya dwe fè limye sou yon seri zak asasinay ki ta swasizan makonen ak seremoni dyabolik e ki fet nan peyi a ane sa, dapre yon ekspè nan Nasyon-Zini. Sepandan gouvénman Liberya Demanti deklarasyon sa.
Prezidan Nikaragwa a, Daniel Ortega, di peyi Lachin pral vin pi gwo ekonomi mondyal sou Lèzetazini . Lidè nikaragweyen an fè deklarasyon sa a apre peyi Nikaragwa retabli relasyon diplomatik ak Peken e koupe relasyon diplomatik yo ak Taywann.
Prezidan Etazini Joe Biden rekonèt feblès pwòp peyi-li-a lè-l te ouvè yon Somè sou Demokrasi ki rasanble sou entènèt la lidè mondyal-yo, sosyete sivil ak sektè prive-a a.
Nikaragwa anonse jedi, li deside koupe relasyon diplomatik ak Taiwan ak rekonesans "yon sèl Lachin" ki dirije pa Peken. Sa redwi a 14 kantite peyi kounye a ki rekonèt zile demokratik la.
Omwen twa moun blese pandan ensidan an.
Lajistis Espayòl otorize ekstradisyon ansyen chèf entèlijans militè Venezyelyen sou rejim Chavez la. Yo te arete Hugo Armando Carvajal nan kòmansman mwa septanm nan vil Madrid.
Prezidan Biden di se nan tèt ansanm pou demokrasi yo defann prensip ki reprezante fondasyon peyi nou yo. Desizyon nou pran kounye a pral detèmine direksyon lemond va pran nan desini k ap vini yo.
On etablisman medikal nan Sao Paulo, te di nan mèkredi 8 Desanm lan ke ansyen lejand Brezilyen an Pelé te retounen lopital la "poul kontinye yon tretman" pou yon timè nan kolon, Pele te pase yon mwa an septanm nan retablisman deja.
Sèt sòlda Nasyonzini te mouri ak twa lòt blese grav nan yon eksplozyon nan Mali, dapre Misyon Nasyonzini nan Mali (MINUSMA)
Prezidan Joe Biden "te fè konnen" ke Vladimir Putin ap jwe ak dife e yo ka enpoze gwo"sanksyon ekonomik" kont yo. Nan somè vityèl sa Biden te lanse pinga sa a bay Putin sou eskalasyon militè kont Ikrèn.
Vis-prezidan Burundi a Prosper Bazombanza ki te vizite espas la di laprès, "Trant-uit moun te mouri ak 69 blese grav nan yon dife ki te pran nan prizon santral Gitega a, Madi maten".
Konpayi ki ap travay sou fiti rezo sosyal ansyen Prezidan Donald Trump ak konpayi sa ki dwe rantre nan mache labous la te deklare ke yon gwoup envestisè enstitisyonèl te angaje yo pou bay 1 milya dola pou pwojè a.
Patwon konpayi famasetik Moderna te di nan yon entèvyou ak jounal Financial Times ke vaksen ki deja egziste kont COVIID-19 yo pral mwen efikas kont varyan Omicron an, e ke sa pral pran plizyè mwa pou yo devlope yon nouvo vaksen.
Madi 30 Novanm, depite Chilyen yo te rejte yon pwojè lwa pou dekriminalize avòtman, sa ki lakòz li pap ka ale devan palman an.
Nan yon rapò ofisyèl prizon yo te bay, yo di gen omwen 11 moun ki mouri ak plis pase 250 prizonye ki sove nan yon atak ak zam dimanch nan prizon santral la nan Nijerya.
Load more