Antony Blinken, Sekretè Deta Ameriken an pral vizite Kenya, Nijerya ak Senegal semèn pwochèn, kote li pral diskite sou ki jan yo ka mete fen nan pandemi COVID-19 la epi abòde kesyon soun chanjman klimatik.
Pòtigal - ekip Cristiano Ronaldo a - pèdi devan Sèbi (1-2) nan match kalifikasyon pou koup du mond 2022 a. Ekip la pral jwe match baraj yo, pou yo ka jwenn tikè pou Katar 2022.
Lame Ameriken an envoke "oto-defans" pou yon atak aeryen li te fè an 2019 nan peyi Siri ki te touye plizyè sivil, apre piblikasyon yon ankèt jounal New York Times, ki te akize Pentagòn.
Antrenè Ajantin an Lionel Scaloni di laprès, ke Sipèsta Ajanten an Lionel Messi ap jwe nan match aswè a apre l li te blese.
Lèzetazini ak Kanada rekòmande pou sitwayenl yo k ap viv ann Ayiti planifye pou yo kite peyi a kote gang ame yo ap elaji kontwòl yo sou teritwa a, se sa ki lakòz gwo mank gaz la tou.
Pedro Castillo ki se nouvo prezidan Perou a, te di ke li ap vann avyon prezidansyèl la, e li pral ogmante salè minimòm travayè yo apati 1e desanm.
SpaceX ap transpòte 4 astwonòt la NASA nan lespas. Lansman Fize Falcon fèt nan aswè Mekredi depi Sant Spasyal Kennedy a nan eta Florid, e l ap byen mache jiskaprezan.
Yon patwouy gad kòt Italyen sove anviwon 396 imigran abò yon bato lapèch. Move kondisyon metewolojik ak dlo ki pa fon te rann operasyon sekou yo difisil.
Joel Embiid, jwè ekip Philadelphia 76ers la, teste pozitif pou COVID-19 e li pral rate plizyè match.
Lendi platfòm Koutaj Ameriken Robinhood ki gen 5 milyon itilizatè anonse ke li te soufri yon cyber-atak, e gen anpil done ke yo vòlè.
Mache a crypto lajan an depase $3 milya pou premye fwa nan istwa li, dapre sit CoinGecko a, ki swiv mache sa a.
Grand Bretay anonse li se premye peyi ki otorize yon komprime kont maladi COVID-19 lan, ki se yon tretman kote ou pran on pilul pou ede jere sentom kowonavirus la. Yo te devlopel nan laboratwa Ameriken Merck la, e dokte yo konsidere l kòm yon zouti enpòtan nan batay kont pandemi an.
Plizyè santèn antreprenè Kiben mande, nan yon lèt yo voye bay Prezidan Ameriken an Joe Biden, pou leve sanksyon ekonomik kont zile gouvènman kominis la.
Xavi Hernandez, youn nan ikon Barça, tounen lakay li nan "Camp Nou" pou vin ofisyèlman nouvo antrenè ekip FC Barcelone, ki "nan yon sitiyasyon difisil", kote li espere ede ekip la soti nan sitiyasyon sila pi vit posib.
Yon elikoptè lame Polonè filme plizyè santèn imigran ki rasanble dèyè fil fè sou bò Belarisyen fwontyè Polonè-Barisyen an. Pandan plizyè mwa, plizyè milye migran, ankouraje pa rejim Alexander Lukashenko, te eseye travèse fwontyè a ilegalman antre nan Inyon Ewopeyen an.
Dezod pete ant lapolis Meksiken ak yon karavàn migran sou yon gran wout nan vil Pijijiapan.
Aterisaj 5 elikoptè militè Ameriken nan Repiblik Dominikèn te pwovoke anpil pale anpil nan peyi a, men otorite yo di Jedi sete yon operasyon "woutin".
Sèkèy Colin Powell, premye sekretè deta Afriken-Ameriken ki te mouri a laj 84 an akòz konplikasyon maladi COVID-19 la, rive nan katedral Washington nan pou antèman li.
Komisyon Federal Kominikasyon an (FCC) fè konnen li apwouve lisans ayewospasyal Boeing lan.
19 peyi pwomèt nan fen ane 2022 y ap mete fen, ak finansman pwojè gaz fosil ki pa itilize teknik pou retire kabòn lan, nan aletranje. Angajman sa yo gen ladan gwo envestisè tankou Etazini ak Kanada.
Load more