Jan li te pwomèt li entènasyonal panyòl la Rafael Nadal mete fen nan karyè pwofesyonèl li kòm jwè tenis Madi 19 novanm apre li te elimine nan kar de final koup Davis la devan jwè olandè a Botic.
Prezidan Ikrenyen Vladimir Zelensky denonse Madi mank reyaksyon lidè G20 ki aktyelman ap rankontre nan Brezil parapò ak revizyon ke Ris yo fè nan doktrin nikleyè yo a, ki elaji posibilite pou otorite sèvi ak zam atomik.
Etazini kondane santans prizon 45 aktivis pwo demokrasi nan youn nan pi gwo pwosè sekirite nasyonal Hong Kong, dapre sa yon pòtpawòl konsila ameriken an nan Hong Kong te di Madi.
Lidè G20 yo, ki te rankontre nan yon somè nan Lendi nan Rio de Janeiro, pa t fè okenn gwo pwogrè pou debloke negosyasyon yo nan konferans sou klima COP29 la nan Baku, ki sanse deside ki moun ki ta dwe finanse adaptasyon a chanjman nan klima.
Prezidan Venezyela a, Nicolas Maduro, bay TikTok 72 zèdtan lendi pou retire kontni ki ankouraje defi danjre yo apre lanmò 2 timoun nan peyi a, sinon li pral pran "sanksyon sevè".
Lidè prensipal pisans ekonomik mondyal yo rankontre lendi nan somè G20 an nan Rio de Janeiro, kote Brezil espere pwogrè sosyal, nan yon blòk ki dechire ak konfli nan Mwayen Oryan ak Ikrèn.
Yon van panik te soufle nan kèk zòn nan Pòtoprens jedi, kote plizyè santèn fanmi t ap eseye chape poul yo akoz vyolans gang yo ki te pran kontwòl yon katye estratejik nan kapital la, apre plizyè mwa atak, dapre sa yon jounalis AFP te temwen.
Prezidan Ameriken Joe Biden kòmanse yon vwayaj nan Amerik di Sid Jedi 14 novanm nan, ke yo konsidere kòm dènye toune li nan Amerik di Sid la, apre li pral kite pouvwa nan fen manda li bay predesesè li Donald Trump .
Palman Kolonbi a adopte mèkredi yon lwa ki entèdi maryaj pou moun ki poko gen 18 lane, nan youn nan peyi nan Amerik di Sid ki te pi toleran sou sijè sa a jiskaprezan.
Otorite yo te jwen yon nonm ki te mouri Mèkredi swa tou pre Kou Siprèm Brezilyen an nan Brazilia a, yo te gen eksplozif sou li.
Hezbollah Libanè a te di byen bonè Jedi li te tire misil sou sòlda Izrayelyen yo nan nò Izrayèl, yon ti tan apre li te revandike responsablite pou yon lòt atak sou sòlda Izrayelyen ki deplwaye nan sid peyi Liban.
Pandan Ikrèn te sou gwo alèt akoz atak ayeryen Lendi, pi gwo kòmandan militè peyi a te di plizyè dizèn milye twoup Ris yo te pare pou avanse sou rejyon Kursk la.
Mouvman Islamis Palestinyen Hamas la te mande peyi Arab ak Mizilman yo pou yo aplike deklarasyon yo te fè menm jou pandan somè yo nan Riyad pou fòse Izrayèl sispann "agresyon" l yo.
Pewou deplwaye plis pase 13,000 polisye nan Lima anvan somè Koperasyon Ekonomik Azi-Pasifik (Apec) la, ki pral rasanble semenn sa a lidè 21 peyi, tankou Joe Biden ak Xi Jinping, gouvènman an te anonse nan Lendi.
Otorite Meksiken yo te anonse dimanch pase yo te dekouvri plis pase 250 imigran nan yon bout kontenè ki te sou wout pou ale sou fwontyè Ameriken an nan nò peyi a.
Prezidan eli ameriken an, Donald Trump, anonse dimanch li retounen ak Tom Homan, nan tèt ajans ki responsab kontwòl fwontyè ak imigrasyon (ICE).
Pòtoprens leve trè mal, jodi lendi 11 oktòb 2024 apre anons yon nouvo premye minis nan tèt peyi a.
Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) Ayiti a deside revoke Premye Minis Garry Conille, apre sèlman 5 mwa nan tèt peyi a, daprè yon kopi edisyon jounal ofisyèl Le Moniteur ki sipoze pibliye lendi 11 novanm 2024 la, ke AFP te jwenn.
Venezyela ak Larisi te siyen jedi yon seri akò militè, espesyalman nan domèn entèlijans, ansanm ak akò petwòl ki, selon prezidan venezyelyen Nicolas Maduro, simante "chemen koperasyon" ant 2 peyi yo.
Load more