Madi 1ye oktòb 2024 la plizyè viktim pote plent kont P.Diddy pou agresyon seksyèl.
Lame Izrayelyen an di Mèkredi 2 oktòb la ke misil Iran te tire pandan gwo atak li te lanse madi swa kont Izrayèl tonbe sou baz ayeryen peyi a, men yo asire ke atak la pa fè okenn domaj.
Atak misil balistik Iran sou Izrayèl Jodi Madi a pwovoke yon diferans ant tikè Demokrat ak Repibliken yo sou politik etranjè: Walz pwomèt lidèchip "estab" Si Harris genyen eleksyon yo pandan ke Vance pwomèt pou l retounen ak lapè pandan yap itilize fòs si Trump retounen nan Mezon Blanch lan.
WASHINGTON (AP) — Administrasyon Biden ap vin pi strik sou kesyon azil sou fwontyè sid peyi a.
Prezidan Ris la Vladimir Putin sètifye Lendi 30 septanm 2024 la ke " y ap atenn tout objektif yo te fikse" nan Ikrèn, nan okazyon dezyèm anivèsè ratachman 4 rejyon nan Ikrèn ak Larisi, nan moman konfli ame li ap vwazyen li a ap kontinye.
Madi 1ye Oktòb 2024 la Iran lanse atak ak misil kont Izrayèl nan vil Jerizalèm .
Ministè Sante Libanè a di 24 moun jwenn lanmò yo dimanch nan yon atak Izrayelyen yo tou pre Saida, vil prensipal nan sid Liban.
Yon sous pwòch mouvman an te di AFP dimanch, yo te jwenn kadav lidè Ezbola a, Hassan Nasrallah, Samdi, yon jou apre gwo frap Izrayelyen te fè ki te vize sid Beyrouth.
Chèf diplomasi Larisi a avèti kont "nenpòt tantativ pou batay pou ranpòte laviktwa ak yon peyi ki gen zam nikleyè."
Lidè opozisyon Venezyelyen an, Maria Corina Machado ki nan kache depi apre eleksyon prezidansyèl ki te fèt nan mwa jiyè yo, di dimanch lan ke yo arete chèf sekirite li ak yon lòt manm nan estaf li.
Lame Izrayelyen an te anonse li te entèsepte yon misil ki te tire depi Yemèn nan lannwit soti Jedi pou rive Vandredi a.
Dapre Sant Nasyonal Siklòn Ameriken an (NHC), Siklòn Helen pran plis fòs jedi 26 septanm nan pou l tounen yon siklòn kategori 4 ki "ekstrèmeman danjere" sou yon echèl 5, ak gwo van k ap soufle a 215 km/lè, .
Ministè Defans Lachin di li teste mèkredi yon misil balistik entèkontinantal nan lanmè Pasifik la.
Lakou Siprèm Venezyela valide lendi yon manda arestasyon kont prezidan ajanten an Javier Milei, anvan sa lajistis nan peyi Ajantin bò kote pa l te bay lòd pou fouke prezidan venezyelyen Nicolas Maduro.
Ansyen Prezidan Donald Trump te di dimanch lan li pa “panse” al nan kous ankò pou prezidan an 2028 si li pa reyisi retounen nan Mezon Blanch nan 2024.
Prezidan Ikrèn nan, Volodymyr Zelensky, te rive dimanch swa nan peyi Etazini, kote l al prezante bay prezidan ameriken an Joe Biden ak Kongrè a detay sou "plan viktwa" li ki vize mete fen nan envazyon Ris la nan peyi li.
Prezidan Venezyela a, Nicolas Maduro, te lanse yon apèl vandredi a bay gouvènman li an ak patizan li yo pou pa aksepte aparèy elektwonik kòm kado Nwèl, akoz yon seri eksplozyon ki fèt ak bipè epi lòt ekipman kominikasyon Ezbola nan Liban.
"Mwen te oblije siyen pou m te gen otorizasyon pou m kite peyi a," se sa kandida opozisyon Venezyelyen Edmundo Gonzalez Urrutia te di. Misye ajoute ke li te ekri "anba presyon" yon lèt ke otorite yo te rann piblik kote li te di ke li "respekte" desizyon tribinal la pran pou valide reziltal eleksyon yo.
Yon sous pwòch Hezbollah di AFP Vandredi ke lidè fòs Al-Radwan, inite elit fòmasyon libanè pro-Iranyen an, te pèdi lavi l nan yon atak Izrayelyen nan sid Beyrout.
Load more