Yon ansyen ajan CIA, ki se prensipal ajans entèlijans Ameriken an, te jwenn kondanasyon li Mèkredi 18 septanm pou 30 ane prizon poutèt li te dwoge ak fè abi seksyèl sou anpil fanm, sitou pandan li te an misyon nan peyi etranje.
Yon katriyèm Ameriken jwenn arestasyon li nan Karakas pou yon swadizan konplo pou "asasine" Prezidan Nicolas Maduro, dapre sa otorite Venezyelyen yo di epi yo denonse "entèferans" Inyon Ewopeyen an ak Espay nan zafè sa a.
Otorite an Izrayèl arete yon sitwayen ke yo akize te fè pati yon konplo ak Iran pou elimine Premye Minis Benjamin Netanyahu.
Kandida Repibliken pou eleksyon prezidansyèl Ameriken an, Donald Trump, anonse Mèkredi swa ke li pral byento ale nan Springfield, yon vil kap viv yon sityasyon kawotik akoz pale anpil ki fè kwè migran Ayisyen ap manje chen ak chat moun vil la.
Lidè Hezbollah a, Hassan Nasrallah, pral fè yon diskou Jedi, dapre sa mouvman Islamis Libanè a te di Mèkredi apre eksplozyon "Biper" manm gwoup pwo-Iranyen an konn itilize.
Yon atak dronn ikrenyen "detwi nèt" yon depo misil ak boulèt kanno nan rejyon Tver, nan lwès Larisi, se sa yon sous nan sèvis sekirite yo di AFP nan Mèkredi.
Prezidan peyi Ejip, Abdel Fattah al-Sissi, nan yon reyinyon Mèkredi nan vil Kèr ak Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken, pwomèt pou l fè plis efò pou jwenn yon akò seselfe nan Gaza.
Ministè Sekirite Piblik Kosta Rika anonse madi 17 Septanm nan ke yo sezi 1.3 tòn kokayin nan yon bato chaje avèk farin manyòk ki te sipoze ale nan Bèljik.
Prezidan Joe Biden ak Vis-Prezidan Kalama Harris "pa janm ankouraje vyolans" kont Donald Trump, se sa Lamezon Blanch te asire Madi, an repons a kritik kandida Repibliken an ap fè.
Madi, Etazini te mande Iran pou evite nenpòt aksyon ki ta ogmante tansyon apre eksplozyon yon bipè ki te blese plizyè santèn manm Hezbollah nan peyi Liban, ansanm ak anbasadè Iran an nan Beyrouth.
Washington, Madrid ak Prag ap mande enfòmasyon sou sitwayen peyi yo ke otorite Venezyela te fouke, anba akizasyon ke yo lye ak yon swadizan konplo ki vize "destabilize" peyi a.
Otorite Venezyelyen yo fouke 3 Ameriken, 2 panyòl ak yon Tchek, yo akize de yo konplo ki te swadizan vize "destabilize" peyi a.
Yvan Gil ki se Minis Afè Etranjè peyi Venezyela di Vandredi peyi l 'pa aksepte "oken enjerans" nan men Espay, ki te bay kandida opozisyon an azil politik apre defèt li nan eleksyon prezidansyèl Jiyè a.
Prezidan Ameriken Joe Biden ak vis-prezidan li a Kamala Harris di yo "soulaje" dimanch ke ansyen lokatè Lamezon Blanch, Donald Trump ki aktyèleman se kandida prezidansyel pati Repibliken an pou eleksyon novanm yo, "an sekirite epi san danje" apre ekip kanpay li a te fè eta fiziyad nan Florid toupre li.
Venezyela raple anbasadè li an Espay pou konsiltasyon, dare sa Minis Zafè Etranje a, Yvan Gil, te anonse Jedi kèk èdtan apre Premye Minis Espayòl la te resevwa opozan Venezyelyen an Edmundo Gonzalez Urrutia nan Madrid, ki te jwenn azil politik nan peyi ewopeyen sa.
Prezidan Ikrenyen Vladimir Zelensky di Vandredi ke li pral rankontre lidè ameriken an Joe Biden "mwa sa a" pou prezante "plan viktwa" li sou fason pou mete fen nan lagè dezan edmi peyi ap fè ak Larisi a
Gwo Tansyon diplomatik ant Madrid ak Caracas, ki jedi raple anbasadè li ann Espay pou konsiltasyon kèk èdtan apre prezidan gouvènman an, Pedro Sanchez, te resevwa opozan venezuelyen an Edmundo Gonzalez Urrutia, ki te pran azil nan Madrid depi dimanch.
Anplwaye Boeing nan rejyon Seattle, Ozetazini, te vote Jedi nan aswè pa yon gwo majorite an favè yon grèv efektiv imedyatman. Yo rejte pwopozisyon nouvo akò ke manifakti avyon Ameriken an te fè. Sendika yo te anonse lansman grèv sila.
Load more