Prezidan palman venezyelyen an, Jorge Rodriguez, pwopoze Mèkredi pou Asanble Nasyonal la adopte yon rezolisyon ki mande prezidan Nicolas Maduro, koupe "tout relasyon" ak Espay, apre kandida opozisyon an te kite peyi a epi mande azil ann Espay.
Yon jèn gason 17-zan jwenn arestasyon li apre yon "ensidan pirataj sou entènèt" ki afekte operasyon sistèm transpò kapital Grand Bretay la nan kòmansman mwa Septanm nan, se sa Transport for London (TfL), ak (NEC) ki se ajans nasyonal krim lan, anonse Jedi.
Prezidan Vladimir Zelensky anonse ke yon misil te frape yon bato kago ki t ap pote ble nan peyi Lejip nan Lanmè Nwa Jedi 12 septanm nan.
Palman peyi Espay adopte yon tèks ki mande Premye Minis Pedro Sánchez pou rekonèt kandida opozisyon Venezyelyen Edmundo González Urrutia, yon refijye nan peyi Espay depi dimanch, kòm venkè nan eleksyon prezidansyèl mwa Jiyè a nan Venezyela kont Nicolas Maduro.
Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken anonse Mèkredi yon nouvo asistans ekonomik ak imanitè pou Ikrèn pou yon valè 717 milyon dola, ki gen ladan nouvo sipò pou enèji peyi a pandan Larisi ap frape enfrastrikti li.
Irak ak Iran siyen 14 akò Mèkredi pou "ranfòse koperasyon" ant 2 peyi vwazen yo. Prezidan Iranyen Massoud Pezeshkian ale Bagdad, pou li fè premye vizit li nan peyi etranje apre li te fin pase nan eleksyon.
Megastar nan mizik popilè Ameriken Taylor Swift anonse sou Instagram Madi, touswit apre deba ant Donald Trump ak Kamala Harris, ke li ap vote pou kandida Demokrat la nan eleksyon prezidansyèl la paske "li goumen pou kòz ak dwa ki rankontre ak kwayans mwen."
Chèf diplomasi Ameriken an, Antony Blinken, konsidere Mèkredi ke vizit li nan Kyiv ansanm ak tokay Britanik li David Lammy montre angajman Lwès la pou yon "viktwa" Ikrèn sou Larisi.
Lidè opozisyon venezyelyen an, Maria Corina Machado, te asire lendi, yon jou apre kandida opozisyon an Edmundo Gonzalez Urrutia te pati an egzil nan peyi Espay, ke li pral "rete nan Venezyela" pou l kontinye "lit la".
Chèf diplomasi Ameriken an Antony Blinken te estime Madi ke lame Izrayelyen an dwe fè "chanjman fondamantal" apre lanmò "enjisfye" yon aktivis Ameriken-Tik, pandan yon manifestasyon nan West Bank la.
Chanselye Alman an Olaf Scholz mande dimanch pou gen efò diplomatik entansifye pou jwenn lapè nan Ikrèn "pi vit" posib pandan lagè a ak Larisi antre nan twazyèm ane li.
Etazini te di ke Iran te lage misil bay Larisi pou itilize nan Ikrèn "nan semèn kap vini yo", e li te anonse nouvo sanksyon iminan kont Teheran pami yo an patikilye kont konpayi avyon nasyonal Iran Air.
Nikaragwa Madi wete nasyonalite 135 prizonye politik yo akize ki te vyole souverènte nasyonal epi yo transfere nan Gwatemala semèn pase a apre medyasyon Etazini te fè.
Lidè opozisyon Venezyelyen an, Maria Corina Machado, te di ke kandida opozisyon an, Edmundo Gonzalez Urrutia, te ale nan peyi Espay dimanch pou "prezève libète l ak lavi l".
Omwen 5 moun te pèdi lavi yo dimanch swa, dapre sa medya ofisyèl siryen yo te rapòte, apre yon atak Izraelyen ki vize sit militè nan rejyon santral peyi Siri ki gen ladan yon sant rechèch, dapre yon ONG.
Chèf diplomasi Ameriken an Antony Blinken bay sipò l dimanch ak kandida opozisyon Venezyelyen an, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki te rive nan peyi Espay apre li mande peyi sa a azil.
Edmundo Gonzalez Urrutia, kandida opozisyon Venezyelyen an ki fè kwè ke li menm ki genyen eleksyon prezidansyèl jiyè pase fas ak Nicolas Maduro, te kouri kite peyi a li ale an Espay, dapre sa avoka li José Vicente Haro te konfime pou ajans nouvèl AFP.
Lapolis lanse yon avi rechèch pou yon sispèk ki se prensipal moun ki responsab pou yon fiziyad sou yon otowout nan Kentucky ki koze 5 moun blese samdi 7 septanm 2024.
Ekip Pòtigal la nan match “Lig Nasyon”, bat ekip Kwoasi a (2-1), nan menm match sila a kapitèn ekip la Cristiano Ronaldo ke yo konnen tou sou non CR7 te fè 900 ièm gòl nan karyè li.
Opozisyon Venezyela, ki reklame viktwa nan eleksyon prezidansyèl ki te fèt nan Jiyè kont Nicolas Maduro, te mande kominote entènasyonal la jedi pou rekonèt kandida li Edmundo Gonzalez Urrutia, ki vize pa yon manda arestasyon, kòm prezidan eli.
Load more