Otorite Venezyela te fouke yon sòlda Ameriken depi nan fen mwa Out paske li "antre (nan peyi a) san okenn dokiman" dapre sa pwokirè jeneral Tarek William Saab te di jedi, san li pa bay plis detay.
Hunter Biden, pitit gason prezidan ameriken an, te plede fòmèlman koupab pou fwod taks nan yon tribinal Los Angeles Jedi 5 septanm anan, yon chanjman ki pral pèmèt li pa ale nan yon nouvo pwosè apre yon tribinal nan eta Delaware te jwen li koupab nan mwa jen nan yon lòt ka.
Chèf diplomasi Ameriken an Antony Blinken te mande Jedi Izrayèl ak gwoup Palestinyen an Hamas pou yo finalize akò seselfe a nan Gaza, sa ki konfime evalyasyon Ameriken yo dapre sa ki rapòte ke akò a te pare.
"Yo vòlè Eleksyon nan men fransè yo" se sa lidè radikal gòch la Jean-Luc Mélenchon te deklare apre nominasyon ansyen komisè dwat Ewopeyen an Michel Barnier kòm nouvo Premye Minis, pandan ke bòs sosyalis yo Olivier Faure te di peyi a t ap antre nan "yon kriz de rejim".
Mezon Blanch mande Prezidan Ris Vladimir Putin Jedi pou l "sispann antre" nan eleksyon Etazini yo apre lidè ris la te di ke li apiye Kamala Harris pou vin pwochen prezidan e pa Donald Trump.
Mezon Blanch anonse Jedi ke li jwenn liberasyon, pou rezon imanitè, 135 prizonye politik nan Nikaragwa, e ke peyi Gwatemala pral resevwa yo.
Lapolis ann Almay elimine yon nonm Jedi ki te louvri kout zam nan Minik (sid) toupre konsila jeneral Izrayèl ak yon sant dokimantasyon sou Nazi yo, dapre sa otorite lokal yo anonse.
Avoka kandida opozisyon Venezyelyen an, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki fè kwè ke li ki genyen eleksyon prezidansyèl Jiyè a sou prezidan Nicolas Maduro, mande pou lajistis pa fè politik tounen "krim" pandan tribinal lage yon manda arestasyon dèyè kliyan li a.
Yon Merin Ameriken jwenn arestasyon li nan Venezyela, dapre sa yon ofisyèl Ameriken te di sou kondisyon anonimite Mèkredi 4 septanm nan, nan yon moman kote gen gwo tansyon nan relasyon ant Washington ak Caracas.
Omwen 4 moun pèdi lavi yo e 9 lòt blese nan fiziyad nan yon lise nan eta Georgia, dapre otorite lokal yo te anonse Mèkredi 4 septanm nan.
Kandida opozisyon an pou eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a nan Venezyela, Edmundo Gonzalez Urrutia, ke lajistis lage yon manda arestasyon kont li, avoka li di AFP ke kliyan li a "pa konsidere" chache azil politik aletranje.
Prezidan Chinwa Xi Jinping ak madanm li Peng Liyuan akeyi lidè Afriken yo nan nan Peken pou somè Lachin-Afrik la.
WASHINGTON (AP) — Depite La Chanm Repibliken yo konvoke Sekretè Deta ameriken Antony Blinken pou l vin temwanye devan yo pandan y ap fini ankèt yo sou retrè kawotik Etazini te fè nan Afganistan.
Prezidan Venezyelyen an, Nicolas Maduro, ke opozisyon an konteste viktwa re-eleksyon li an, te avanse dat lansman fèt Nwèl la pou 1ye oktòb.
Omwen 129 moun te mouri, pami yo 24 mouri pa bal, pandan yon tantativ swadizan pou kraze prizon. Anpil nan yo tap cheche lage pye yo.
Inyon Ewopeyen an te deplore Madi desisyon ke Mongoli pran pou li pa arete Prezidan Ris Vladimir Putin pandan vizit ofisyèl li nan Ulan Bator, an akò ak obligasyon entènasyonal li yo paske li se manm tribinal enènasyonal la.
Lendi nan yon deklarasyon Ministè Afè Etranjè Venezyela dekri aksyon otorite Ameriken yo fè a ke “Piratri” apre Washington te deside sezi yon avyon Prezidan Nicolas Maduro.
Sistèm lajistis Venezyelyen an te mete yon manda arestasyon kont Edmundo Gonzalez Urrutia, kandida opozisyon an ki fè kwè ke se li menm ki genyen eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a malgre rezilta konsèy electoral la di se aktyèl prezidan peyi a Nicolas Maduro ki soti venkè eleksyon yo.
Latiki te soumèt yon demand pou peyi li rantre nan blòk peyi émerjan ki rele Brics la, ki gen ladann :Brezil, Larisi, Lend, Lachin, Lafrik di sid, dapre sa pòtpawòl pati sou pouvwa a te di nan Madi 3 septanm nan.
Load more