Inyon Ewopeyen an pa rekonèt "lejitimite demokratik" Prezidan Venezyelyen an Nicolas Maduro apre re-eleksyon li an Jiyè, se sa chèf diplomasi Ewopeyen an Josep Borrell te anonse Jedi.
MONACO (AP) — Chanpyona Lig chanpyon an ap jwe sou yon nouvo fòm kote ap gen plis ekip k ap jwe pou plis lajan/
Gwo Black Out total ak pasyèl nan Venezyela, BlackFreddy Nanez, ki se Minis Kominikasyon an fè konnen se yon "sabotaj".
Lame Ris la te reklame Vandredi ke yo te kaptire 3 nouvo vilaj nan lès Ikrèn, kote li kontinye avanse ak twoup li yo kont twoup Ikrenyen yo.
Biwo avoka gouvènman Venezyelyen an konvoke yon twazyèm fwa pou vandredi, kandida opozisyon an Edmundo Gonzalez Urrutia, ki di se li menm ki genyen eleksyon prezidansyèl la.
Prezidan Venezyelyen an, Nicolas Maduro, ap selebre re-eleksyon li nan Karakas, yon mwa apre eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a te fèt. Misye ap selebre eleksyon an malgre opozisyon an konteste rezilta yo, epi di ke te gen magouy.
Lajistis nan peyi Lafrans akize bòs Telegram lan Pavel Durov Mèkredi dèske li pat 'ki pa aji pou anpeche piblikasyon kontni kriminèl sou aplikasyon rezo sosyal la.
Avoka espesyal k ap pouswiv dosye kont ansyen Prezidan Ameriken Donald Trump pou tantativ ilegal kote li ta chache ranvèse rezilta eleksyon 2020 an pibliye madi yon akizasyon revize.
Opozisyon an nan Venezyela anonse sou rezo sosyal yo ke Perkins Rocha, yon avoka selèb nan opozisyon an, jwenn arestasyon li madi, yon mwa apre re-eleksyon Nicolas Maduro ke opozisyon an konteste.
Ansyen prezidan ameriken Donald Trump di Madi ke li "rive jwenn yon akò" pou gen yon deba televize 10 Septanm ak advèsè Demokrat li nan eleksyon prezidansyèl la Kamala Harris, 2 jou apre li te menase pou l pa patisipe.
Yon gwo konseye Joe Biden, ki vwayaje nan peyi Lachin, "raple angajman Etazini te pran pou defann alye li yo nan rejyon Indo-Pasifik la", dapre yon nòt pou laprès Mezon Blanch pibliye Mèkredi.
Kandida opozisyon an ki di ke se li menm ki genyen eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a nan Venezyela, Edmundo Gonzalez Urrutia, boude pou yon dezyèm fwa konvokasyon pou li te parèt ankò madi 27 dawout la devan tribinal, nan kad yon ankèt pou usurpasyon nan fonksyon.
Kontenjan polis kenyan ki te deplwaye ann Ayiti pou retabli lòd ak sekirite nan peyi kote gang yo ap “penpenden”, responsab lapolis yo anonse ke yo fè gwo "gwo pwogrè", an patikilye nan rekiperasyon "enfrastrikti esansyèl" yo nan peyi a.
Mark Zuckerberg, PDG Meta, a Lendi di li deplore "presyon" administrasyon Biden te egzèse sou gwoup li a pou wete sèten kontni ki gen rapò ak ak Covid-19 nan 2021, yon deklarasyon ke opozisyon Repibliken an byen akeyi.
Anbasad Larisi nan Pari akize otorite fransè yo Dimanch kòmkwa yo "refize kolabore" ak Moskou apre arestasyon an Frans Pavel Durov ki se alatèt konpayi rezo sosyal Telegram, yon msye ki gen nasyonalite franse ak ris.
Pwokirè Jeneral Tarek William Saab di AFP, lajistis te konvoke kandida opozisyon Venezyelyen an, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki reklame viktwa nan eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a, madi - apre li te boude konvokasyon li a lendi.
Prezidan Venezyela a, Nicolas Maduro, pran distans ak pwopozisyon tokay brezilyen ak kolonbyen li yo pou gen yon nouvo eleksyon nan Venezyela apre diskisyon ki pete depi piblikasyon rezilta yo ki bay Maduro re-eleksyon li pou yon twazyèm manda 6 zan youn apre lòt.
Prezidan Meksiken an Andres Manuel Lopez Obrador repete kritik yon lòt fwa ankò sou pozisyon Etazini nan kriz apre eleksyon ki te dewoule nan fen mwa Jiyè a nan Venezyela.
Load more