Gwoup Islamis Palestinyen Hamas ki gouvène Gaza repete Jedi ke yon akò pou sispann goumen nan teritwa a dwe mache ansanm ak retrè fòs lame Izrayelyen yo.
Google di ke yon gwoup pirat ki afilye peyi Iran, APT42, te vize kanpay Kamala Harris ak Donald Trump, sa ki konfime akizasyon ekip kanpay yo te fè a .
Yon nonm Afriken-Ameriken ki gen 71 an pral resevwa $7.15 milyon kòm konpansasyon apre li te pase prèske yon demi syèk nan prizon pou yon krim zak asasina ke li pa komèt nan eta Oklahoma, Ozetazini.
Komisyon Entè-Ameriken pou Dwa Moun (IACHR) di Mèkredi 14 dawout la ke li pè pou lavi ansyen depite Venezyelyen Williams Davila, ki te jwenn arestasyon li semèn pase a pandan yon rasanbleman anti-Maduro epi li entène lopital nan "kondisyon grav" daprè sa fanmi li di.
Prezidan Ameriken Joe Biden ak Vis-Prezidan Kamala Harris te anonse nan yon deklarasyon jedi yon bès "istorik" pri 10 medikaman pou granmoun aje.
Kore di Nò pral konplètman relouvri fwontyè li yo pou touris etranje an Desanm, apre yo fè prèske 5 ane fèmen akoz pandemi COVID-19 lan. Se 2 vwayajè touris espesyalis ki te anonse nouvèl la, pandansetan Pyongyang bò kote pal pa konfime enfòmasyon sila a.
Premye Minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, anonse Mèkredi ke li te apwouve depa yon delegasyon Izrayelyen pou al negosye nan Doha yon akò sou liberasyon otaj yo an echanj pou yon seselfe nan Gaza.
Lapolis Larisi arete yon sitwayen ameriken nan Moskou pou "vyolans" kont yon ofisye lapolis, dapre sa envestigatè yo te di Mèkredi 14 Dawout 2024 la.
Otorite Venezyelyen yo te di madi ke yon eksplozyon gaz te lakòz efondreman yon kay nan yon katye popilè nan Caracas, dapre rapò omwen 8 moun pèdi aksida sa.
Prezidan Ikrenyenyen an Vladimir Zelensky di Mèkredi, uityèm jounen ofansif san parèy lap mennen nan Larisi - ke Moskou te pwomèt pou bloke lame Ikrenyen an men l ap kontinye avans li nan rejyon fwontyè Ris la nan Kursk.
Lame Ris la deklare yon lòt fwa ankò Mèkredi li te "repouse" atak Ikrenyen ki te vize "penetre byen fon" nan rejyon fwontyè Kursk la, nan wityèm jou depi Ikrèn te lanse yon ofansiv andan Larisi.
Yon analis entèlijans Lame Ameriken plede koupab madi paske li te bay Lachin enfòmasyon sansib sou defans ameriken, tankou dokiman sou sistèm zam ameriken yo ak taktik ak estrateji militè yo.
Prezidan Palman Venezyelyen an, Jorge Rodriguez, anonse lendi a, apre gwo deblozay ki te eklate nan peyi a apre eleksyon ki koze lanmò omwen 25 moun mouri.
Pòtpawòl Ministè Afè Etranjè Ikrenyen an, Georgii Tykhiï, te asire Madi ke Ikrèn pap chache anekse okenn teritwa Ris.
Prezidan Tribinal Siprèm Caryslia Rodriguez, te raple Samdi pandan yon odyans Tribinal Siperyè Jistis la (TSJ) tap fè sou eleksyon prezidansyèl ki te fèt 28 jiyè a, apre rezilta eleksyon ki te konteste ke desisyon li ap pran yo ap final.
Otorite yo nan Ikrèn fouke Minis adjwen enèji a, e yo mete l nan detansyon prevantif akoz li te swadizan resevwa lajan anba tab, envestigatè yo te anonse nan Lendi.
Tout pase ki te nan avyon ki fè aksidan Vandredi 9 dawout la nan rejyon Sao Paulo mouri dapre sa Meri Valinhos, yon vil vwazen te anonse .
Daprè yon nòt pou laprès ke Bèlen pibliye Chanselye Alman an Olaf Scholz te mande Prezidan Iranyen an Massoud Pezeshkian Lendi, pandan yon konvèsasyon nan telefòn poul "fè tout sa li kapab pou evite yon eskalad militè" nan Mwayen Oryan.
Lendi Ikrèn di li pran kontwòl 1,000 kilomèt kare nan teritwa Ris nan rejyon ak fwontyè li nan Kursk, kote fòs li yo toujou ap menen yon ofansif la prèske yon semèn apre lanse yon envazyon ame la.
Load more