Etazini kwè ke Iran ta ka lanse yon "seri atak " kont Izrayèl la "semèn sa a," dapre sa pòtpawòl Mezon Blanch John Kirby te di nan Lendi nan yon konferans pou laprès.
ABC pral òganize yon deba prezidansyèl ant kandida Repibliken Donald Trump ak Demokrat Kamala Harris nan dat 10 septanm, dapre sa rezo televizyon ameriken an konfime jedi 8 Dawout la.
Donald Trump pwomèt Jedi yon "transfè pasifik" pouvwa si eleksyon prezidansyèl Novanm lan "onèt", alòske rival Demokrat li yo krenn ke li ka pa rekonèt rezilta yo si li pèdi tankou li te fè an 2020.
Kamala Harris ak Joe Biden pral fè lòt semèn premye deplasman kanpay yo ansanm depi apre prezidan Demokrat la te anonse li te bay vag nan kous prezidansyèl ameriken an kont kandida repibliken ak ansyen prezidan Donald Trump.
Lidè opozisyon an Venezyelyen an, Maria Corina Machado, di nan yon entèvyou ak AFP ke li pral ofri "sekirite" bay Prezidan Nicolas Maduro si li volontèman kite pouvwa apre opozisyon an finn konteste reziltal ofisyèl yo.
4 jounalis te jwenn arestasyon yo pandan latwoublay ki te genyen nan peyi a aprè eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a nan Venezyela yo. Lajistis akize jounalis yo de "teworis".
Otorite irakyen yo te arete 5 sispèk apre atak ki te fèt sou baz militè kote 7 Ameriken ki te nan baz la blese.
Reprezantan kowalisyon opozisyon Venezyela rive nan Kou Siprèm lan apre yo te konteste rezilta eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a.
Defans Sivil nan Gaza ke Hamas kontwole, rapòte omwen 18 moun pèdi lavi yo apre atak Izrayelyen yo te fè sou 2 lekòl nan vil Gaza.
Mèkredi, otorite yo nan Ikrèn bay lòd pou pou anviwon 6,000 moun nan zòn fwontyè toupre rejyon Kurs la kite rejyon sa yo, gouvènè teritwa Ikrenyen an te anonse madi.
Kandida opozisyon Venezyelyen an, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki fè kwè se limenm ki genyen eleksyon prezidansyèl la, te di Mèkredi ke li refize patisipe nan konvokasyon Lakou Siprèm nan.
Fòs lame yo nan Venezyela rejte madi apèl ke opozisyon an lanse pou mande yo anbandone Maduro.
Dènye moun ki te disparèt nan peyi Izrayèl apre atak ke mouvman islamis palestinyen Hamas te òganize 7 Oktòb pase kote anpil san te koule, gen konfimasyon ke li mouri apre yon "ankèt ki fouye tout zo nan kalalou", se sa lame Izraèl la anonse madi.
Prezidan peyi Brezil, Luiz Inacio Lula da Silva, mande lendi 5 Dawout la yon dyalòg ant gouvènman venezyelyen an ak opozisyon an nan yon efò pou rezoud tansyon ki genyen nan peyi a apre viktwa Nicolas Maduro nan eleksyon an ke opozisyon an konteste.
Opozisyon an nan Venezyela mande "militè ak polisye" pou yo mete yo bò"kote pèp la" apre opozan yo te konstete re-eleksyon Prezidan Nicolas Maduro, ke Konsèy Elektoral Nasyonal la (CNE) te pwoklame venkè nan eleksyon prezidansyèl la.
Prezidan Konsèy Elektoral Nasyonal (CNE) la Elvis Amoroso anonse pandan yon seyans piblik ke li remèt tout pwosè vèbal eleksyon prezidansyèl yo bay Tribinal Siprèm Jistis (TSJ) lan, apre Prezidan Nicolas Maduro te mande Tribinal la pou pran yon desizyon apre opozisyon an te konteste viktwa li.
Inyon Ewopeyen an mete plis presyon entènasyonal sou Prezidan Venezyelyen Nicolas Maduro pou di ke yo "pa gen ase prèv" pou yo rekonèt viktwa prezidan an nan eleksyon prezidansyèl 28 Jiyè a." Pap Franswa bò kote pa li mande pou "cheche konn laverite" nan dosye sila.
Komisyon Ewopeyen an anonse lendi 5 Dawout la ke platfòm rezo sosyal TikTok pran angajman pou l retire nèt ale nan Inyon Ewopeyen an fonksyon nouvo aplikasyon TikTok Lite li a ki rekonpanse itilizatè yo pou kantite tan yo pase devan ekran yo ap sèvi ak aplikasyon an.
Gouvènman Irigwe a rekonèt vandredi viktwa kandida opozisyon an nan Venezyela, Edmundo Gonzalez Urrutia, nan eleksyon prezidansyèl dimanch la kote konsèy Elektoral Nasyonal la pibliye rezilta ki bay Prezidan Nicolas Maduro kòm venkè.
Load more