Gouvènman Ajanten an rekonèt opozan Edmundo Gonzalez Urrutia kòm prezidan eli Venezyela vandredi, dapre sa Minis Zafè Etranje Diana Mondino anonse sou rezo sosyal X.
Prezidan Ameriken Joe Biden remèsye tokay li nan peyi Tiki, Recep Tayyip Erdogan, Jedi, apre gwo boukantay prizonye ke Larisi ak plizyè peyi nan loksidan te fè nan Ankara, capital peyi Tiki.
Hezbollah te anonse ke li te lanse plizyè douzèn wòkèt nan nò Izrayèl Jedi, an repons a yon atak ki te touye kat siryen nan sid Liban, premye atak gwoup Libanè a depi asasina youn nan lidè militè li yo madi aswè.
Lidè opozisyon nan Venezyela Maria Corina Machado, ki te al kache akoz menas prizon kont li, lanse mo dòd Jedi pou gen yon manifestasyon samdi nan "tout vil yo" nan peyi a pou denonse magouy ki daprè li pèmèt reeleksyon Prezidan Nicolas Maduro.
Etazini te travay pou Larisi te ka lage lidè opozisyon Alexeï Navalny anvan li te mouri nan prizon, se sa Mezon Blanch di Jedi nan kòmantè sou boukantay "istorik" 24 prizonye ak 2 minè ant Moskou ak peyi loksidan yo.
Prezidan Ris Vladimir Putin padone ofisyèlman 13 moun ki te jwenn kondanasyon nan Larisi e li lage yo jedi nan kad yon gwo boukantay prizonye ak peyi Lwès yo.
Prezidan Ajanten Javier Milei remèsye Brezil jedi deske li te pwoteje anbasad peyi Ajantin nan Venezyela, lè gouvènman Venezyela a te bay anbasadè a lòd pou pati kite peyi a apre Buenos Aires te poze kesyon sou reeleksyon Nicolas Maduro.
Katar kondane Mèkredi "asasinay" lidè Hamas Ismaïl Haniyeh nan yon atak nan Teheran ke yo lage sou do Izrayèl, epi li poze tèt li kesyon pou konnen si Katar ka kontinye sèvi kòm medyatè pou jwenn yon ola nan lagè Gaza a ant Izrayèl ak mouvman islamis palestinyen an.
11 sivil, pami yo 2 minè, mouri nan Venezyela nan manifestasyon kont re-eleksyon Nicolas Maduro, ke Konsèy Elektoral Nasyonal la pwoklame prezidan.
Prezidan Venezyelyen, Nicolas Maduro, di Mèkredi ke lidè opozisyon an, Maria Corina Machado, ak kandida li a, Edmundo Gonzalez Urrutia, ta dwe "dèyè bawo" apre manifestasyon kote moun te pèdi lavi apre re-eleksyon li a ke opozisyon an konteste.
CARACAS, Venezyela (AP) — Prezidan Nicolás Maduro mande gwo tribinal Venezyela a pou l fè yon odit sou eleksyon prezidansyèl la apre lidè opozisyon yo te di se yo ki te genyen eleksyon an.
Chèf diplomasi ewopeyen an, Josep Borrell, mande gouvènman Venezyela a pou l mete yon fen nan zak "represyon" kont opozisyon an alòske manifestasyon koze lanmò yon douzèn moun nan peyi a apre anons reeleksyon Prezidan Nicolas Maduro a.
G7 Mèkredi a te mande otorite Venezyelyen yo pou yo "pibliye ak tout transparans rezilta elektoral detaye" vòt prezidansyèl Dimanch la, sa ki, dapre rezilta ofisyèl yo, montre Prezidan Nicolas Maduro genyen eleksyon an.
BEIRUT (AP) — Lidè wo plase politik Hamas la, Ismail Haniyeh, mouri nan yon frap aeryen nan Teheran, kapital Iran. Gwoup militan Hamas la ak Iran blame Izrayèl .
Prezidan Venezyelyen an Nicolas Maduro di lendi 29 Jiyè a, gouvènman li a konnen kijan pou l fè fas ak manifestasyon kont gouvènman an nan tout peyi a e li konnen kòman pou l “defèt vyolan yo”.
Anviwon 749 moun jwenn arestasyon nan Venezyela nan kad manifestasyon kont re-eleksyon Prezidan Nicolas Maduro, dapre sa Pwokirè Jeneral Tarek William Saab anonse madi, e li ajoute ke "ka gen plis arestasyon toujou".
Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken, ki nan kapital Filipin nan, Manila, pou re-ensiste sou sipò Ameriken pou peyi sa a fas ak Lachin, anonse ke Etazini ap bay Filipin 500 milyon dola èd militè.
Lendi, dapre yon nòt pou laprès Ministè Afè Etranjè, Venezyela anonse retrè pèsonèl diplomatik li nan 7 peyi Amerik Latin ke li akize kòmkwa yo « foure bouch » nan zafè entèn Venezyela, kote li di ke gouvènman peyi sa yo eksprime dout sou re-eleksyon Nicolas Maduro dimanch, ke opozisyon an konteste.
Lidè opozisyon venezyelyen an, Maria Corina Machado, deklare ke opozisyon an gen mwayen kounye a pou "pwouve" viktwa kandida li a Edmundo Gonzalez Urrutia nan eleksyon prezidansyèl la.
Ministè Transpò Venezyela anonse ke li pral sispann vòl avyon pou antre soti Panama ak Repiblik Dominikèn Mèkredi, akòz, li di, gouvènman 2 peyi sa yo ap "antre bouch nan zafè entèn" Venezyela, kote yo te poze kesyon pou konnen si tout bagay klè nan rezilta re-eleksyon Prezidan Nicolas Maduro a.
Load more